Connect with us

NEWS

T-Vice lage nouvo albòm li | MAJESTIC

Published

on

Move moman nan mond lan ak tout sa kap pase pa bò lakay nou afekte tout kouch nan sosyete a kèlke swa domèn wap evolye a, sa ki ta lakòz sektè mizikal ayisyen an pran gwo kou. Men depi kèk jou van lespwa kòmanse soufle nan zòrèy fanatik yo.

Anpil nouvo pwodui kòmanse debake sou mache mizikal nou an. Apre Kaï (Jije m), Ekip (Back In The Game) kounye a se tou pa T-Vice ak Majestic. 

Majestic se nouvo albòm Vice la pote pou fanatik li yo mèkredi 22 septanm 2021 an. Albòm sila, ki deja gen yon mizik videyo ki gentan gade plis pase yon milyon fwa (Kite m montre w) ateri ak 10 lòt mizik pami yo yon nouvo videyo (Regle zafè w): (Regle zafè w- sou lis feat Kanis- Kite m montre w feat Phyllisia Ross- Se jan w jere l la- Kado sakre- Renmen rete feat Michel Martelly- Tou pam- Ki yo ki di w sa feat Wanito- Tizè w feat Mikaben- Nan bra m- Nou gen pou n ale a feat Gdolph.

Anpil bon son, anpil bèl koulè, wap jwenn mizik pa w la kanmenm. Nap swete MAJESTIC siksè e raple fanatik T-Vice ak tout melomàn djaz la sèvi yo apre anpil sakrifis, li rete pou yo konsome albòm nan yon fason pou yo sipòte, ankouraje e remèsye mesye yo pou travay sila.

Gbsainthubin@gmail.com | @guigui-landy

 

Facebook Comments
Continue Reading
Translate »