Connect with us

NEWS

Sektè mizikal la an dèy/ Isnard Douby travèse

Published

on

Chantè, konpozitè, twonpetis, fondatè System Band, Isnard Douby jwenn lanmò l jedi 9 septanm 2021 an apre sante l ta vin agrave akòz kowonaviris.

Nap raple nan mwa me 2020 an chantè vedèt System Band nan te trape kowonaviris pandan li tal asiste antèman manman l ki te mouri nan mwa avril menm ane sa. Douby te menm pase yon tan etène lopital nan lakou Florid sa ki ta lakòz eta sante l vin pi frajil.

Isnard Douby, ansyen elèv nan lise Petyonvil, kòmanse karyè mizikal li nan “Les Frères Dejean” gwoup sa ki te kreye nan lane 1963 avan li te vin fonde System Band ansanm ak Harold Joseph nan lane 1980. 

Depi “Les Frères Dejean” pou rive nan System Band, Isnard Douby pat janm manke yon okazyon pou voye konpa monte tout kote li pase nan mond lan e kilti nou benefisye anpil nan zèv maestwo a. 

Nan mwens pase 2 mwa 2 lejann kite nou, sa nou pa t ka anpeche men chimen konpa dirèk yo te trase a rete nou ka anpeche l disparèt, an n kontinye travay la pou yo.

Nap swete kondoleyans ak tout pitit, fanmi, zanmi Isnard Douby e ak tout manm gwoup Systèm Band e tout fanatik konpa alawonnbadè.

Lejann pa konn mouri. Janbe nan la pè Isnard Douby!!!

Gbsainthubin@gmail.com  | @guigui_landy

Facebook Comments
Continue Reading
Translate »