Connect with us

NEWS

RODNEY NOEL AK PATRICK FABRE DESIDE FÈ LAPÈ

Published

on

2 pi gwo promotè kap evolye nan Eta Florid la (USA) depi plis pase yon ventèn lane eki gen tradisyon òganize 2 pi gwo festival ak bal nan Florida deside antere hèn yo te genyen antre yo depi kèk tan.

Yon gro rankont fèt jounen jedi 5 janvye 2023 a ant Patrick Fabre ak Rodney Noel, yon fason pou yo fè lapè antre yo epi kontinye fè pibon promosyon ansanm pou konpa a.

Gro malèz sa ki te egziste ant 2 mesye yo te gen gro enpak negatif sou endistri mizik la nan Florida. Nan rankont sa Patrick Fabre ak Rodney Noel ta sanble jwenn yon antant pou Compas Festival fèt samdi sèlman epi pou final chanpyona Madame Gougouse la toujou fèt nan dimanch jan sa te konn abitye fèt avan.

Nap raple Rodney Noel gen anviwon 25 lane depi l ap òganize “Compas Fest” nan lakou Florid, alòske Patrick Fabre gen 23 lane depi l ap òganize chanpyona Madame Gougouse toujou nan menm peryòd la.
“Compas Fest” te toujou konn fèt yon sèl jou nan samdi e final chanpyona madan Gougous la toujou fèt nan dimanch aprè festival Compas a.

Men depi 2018 “Compas Fest” te vin fèt sou 2 jou, samdi ak dimanch. Anpil obsèbvatè kap suiv te wè nan desizyon sila yon mwayen Rodney Noel ak ekip li itilize pou bòykote final chanpyona Madame Gougouse la ki toujou drennen anpil moun dèyè l.

Gro van divisyon sila te afekte anpil endistri mizik la kote jaz ak atis ki anba kontwòl Rodney Noel tankou Harmonik,  pat janm programe pou jwe nan final chanpyona Madame Gougouse la epi jaz ki sou kontwòl Patrick Fabre (Gabel ak Bedjine & Kdilak) pat janm ka jwe non plis nan Compas Fest.

Yon lòt bò Patrik Fabre te vin pran desizyon lanse nan mwa oktòb yon lòt festival ki pote non “Caribbean Culture Fest” ki sou 3e edisyon li.

Eske gro rekonsilyasyon sa ki fèt ant 2 gwo bawon sa yo jodi a pral pèmèt endistri mizik la mache pi byen nan Eta Florid la ?

Yon dosye n ap suiv !

Bélizaire Raphaël (Rafa) belizaire30@yahoo.fr

Facebook Comments
Continue Reading
Translate »