Connect with us

NEWS

Rezime Bal Harmonik & Tvice | Club IVY West Palm Beach

Published

on

AFICH: HARMONIK & T-VICE  |  17 Desanm 2021.  | 12:30 AM anviwon

LOKAL: Club Ivy West Palm Beach

MIZIK:
HARMONIK: Ilegal, Diferan, Cheri Benyen m, Enkwayab, Pap ka separe, Egziste.

T-VICE: San Limit, Se Jan w Jere l la, Kite m Montre w, Kado Sakre, Sansasyon, Regle Zafè w.

PREZANTASYON:
Harmonik : Te byen prezante pou yon bal nan yon vandredi ki pa t yon gwo evènman.

T-vice : Te byen prezante pou yon bal nan yon vandredi ki pa t yon gwo evènman.

PÈFÒMANS:
HARMONIK: Pou Harmonik yo te jwe byen harmonikman oubyen nan jan yo konn abitye jwe, men te gen ti enpèfeksyon nan vokal Mac D nan plizyè mizik tankou ” Ilegal – Diferan – Pap ka separe “.

T-VICE: Djaz la te jwe byen pou sware a, espesyalman avèk nouvo mizisyen yo tankou batè a ak basis la. Bravo ak Tchoukito ki te byen chante nouvo mizik li gen sou plak la” Kado Sakre “.

SON:
Pou Sonorizasyon, ni Harmonik ni Tvice te byen sonnen. Titi te mikse Tvice epi Guy Bovil te mikse Harmonik.

REYAKSYON:
Fanatik yo te pran plezi yo nan tou 2 djaz yo malgre pa t gen anpil  moun. Medam Harmonik yo te patisipe plis nan mizik tankou Enkwayab ak Pap Ka Separe. Pou Tvice ” Kite’m Montre w ak Kado Sakre ” se te 2 mizik ki te jwen plis reyaksyon nan men fanatik yo.

EVALYASYON:
Ki opinyon w de sware Harmonik ak Tvice ki te jwe West Palm Beach nan dat ki te 17 Desanm nan. Si w pa t prezan oubyen w pa t gen chans gade live la fè sa pou w ka di nou sa w panse.

Facebook Comments
Continue Reading
Translate »