Connect with us

NEWS

Raymond Cajuste Ansyen Mizisyen e Maestro Bossa Combo Kite Nou

Published

on

Raymond Cajuste, ansyen Mizisyen epi chantè “Big Band Bossa Combo”, youn nan pi gwo group konpa ki te make anpil ane 60,70 ak 80 yo, mouri, apre l t ap soufri ak yon maladi, nan vil Géorgie, peyi Etazini, madi 24 janvye 2023 a. Li te gen 74 lane.

Moun ki te fanatik Bossa Combo nan epòk la e ki renmen konpa anpil ap sonje gro bout tonton mizisyen sa ki te boure ak talan.

Raymond Cajuste pat sèlman yon chantè men tou li te yon misisyen kite konn jwe plizyè lòt enstriman tankou, gita ak tanbou.Li te konn konpoze ak ekri pawòl mizik, li te tou yon bon grenn chantè ak yon bon entèprèt.

Li te kòmanse nan mizik byen bonè nan laj li.Li te fè premye zam li nan group “Les Jeunes Loups” nan ane 1965. Apre sa, nan lane 1976, li t ap ale nan group “Aventuriers” avan li te fonde pwòp group pa li ki ta p al rele “Big Band Bossa Combo”. Li te fè group sa ansan m ak kèk lòt mizisyen tankou : Rodrigue Toussaint, Mario De Volcy, Jean Robert Damas, pou n site sa yo sèlman.

Nan lane 1975, chantè a t ap al kite group Bossa Combo pou l ale nan 2 lòt dyaz kite nan Petyonvil, “Difficile” nan menm ane a, ak “Gypsies” ‘nan lane 1976 epi “Alouchesse”nan lane 1977. Li t ap al kite dènye dyaz sa tou pou l fonde yon lòt group ki rele “Big One” men, dyaz sa pa t ap pran tan pou l kraze. Konsa, Raymond Cajuste t ap al kase tèt tounen nan Bossa Combo, e se la chantè a t ap al konnen pi bèl moman nan karyè li.

Lavi Raymond Cajuste se te yon bèl e long pakou ki t ap al pèmèt maestro a vin popilè anpil.Dayè, Prezidan ki te sou pouvwa nan epòk la, ansyen diktatè Jean Claude Duvalier, te renmen li ak group la anpil. Li te men m achte enstriman pou dyaz la.Sa kifè yo te konn jwe anpil kote nan Pòtoprens.
Li te konn fè anpil bèl kanaval ak Bossa. Li gen yon bann ak yon pakèt bèl mizik ki te mache anpil e ki pa janm pase mòd.Moun ki konn mizik byen konpare yo ak mizik klasik, paske moun pa janm bouke tande yo.

Pami mizik sa yo nou ka site “Chère Madame”, “Accolade” kite sòti nan ane 1978, “Racines” “Bonne fête papa” ki sòti nan lane 1980 epi “Notre-Dame” ak “Balthazar” ki sòti nan lane 1981, san konte yon bann lòt ankò.

Li te mete deyò yon dènye albòm ki rele “Mémoire”. Li te fè l nan tèt kole ak yon lòt misisyen Clareck Cajuste.Se yon bèl albòm ki gen yon seri bèl moso sou li moun ki renmen mizik ap pran plezi pou tande yo.

Raymond Cajuste ap rete youn nan pi gwo chantè ak mizisyen konpa dirèk. Atis la ap toujou rete vivan nan memwa meloman ak tout moun ki te renmen li ak Bossa Combo anpil yo.

KonpaEvents ap koube l byen ba pou l salye gro potorik gason sa pou sa li te ye ak sa l te reprezante sou sèn mizikal la. KonpaEvents ap toujou rezève yon espas nan programasyon li pou pale de li epi pase mizik li te fè yo.

Bélizaire Raphaël (Rafa) bélizaire@30yahoo.fr

 

Facebook Comments
Continue Reading
Translate »