Connect with us

NEWS

Pwoblèm ant Djakout #1 ak Klass  | Men bagay yo an detay

Published

on

Samdi premye janvye 2022 a nan Robert Treat Hotel nan lakou New Jersey, Djakout #1 ak Klass te gen pou misyon simen konpa sou fanatik yo.

Malerezman yon fèt ki ta pral transfòme an konfli nan mitan de djaz yo aprè kòlè te fin anvayi Rolls Lainé (Roro) akoz son djaz la ki tap plede koupe. Sa ki ta pral pouse Roro fè deklarasyon sa a ak anpil emosyon: << chak minit gen yon bagay ki koupe, mwen pap jwe konsa…Klass ou mèt vin jwe. Mwen bezwen wè lè Klass ap jwe si ap gen tout pwoblèm sa yo>>. Se sou deklarasyon sa a Djakout #1 remèsye fanatik yo e tou mete fen ak prestasyon li yo.

Pawòl sa yo pa t sonnen twò byen nan zòrèy Klass e yo ta bay lenpresyon deranjman Djakout la soti dirèkteman de Klass. Antouka, se konsa anpil moun entèprete l menm si Roro te prezante eskiz li aprè e di li eksprime fristrasyon l men li pa lonje dwèt sou pèsòn.

Nan menm sware premye janvye a, Pipo ta pral reponn Roro konsa: << Roro Djakout, granmoun dezòd ou wè sa k pase la a? Se menm pwoblèm yo, nou menm nou pa nan nivo sa a pou nap kraze konfrè nou. Djaz sa a, ou konn sa…ou konn Klass pa nan nivo sa a. Nou pap desann atè a konsa, pa fè sa. Ou se yonn nan nèg ki pi gran nan Djakout e se ou k toujou ap bay dezòd nan djaz la>>. Deklarasyon sa a mete ak mesaj ki lage sou paj Klass la ta pral simen lwil sou dife a. Pawòl piman bouk a gòch a dwat, devan tankou dèyè agrave sitiyasyon an.

Chire pit sa a rive jouk nan yon nivo kote Klass retire kò l nan afich 16 janvye kap vini la a ki gen pou fèt anndan Hollywood live ak Djakout. Daprè Hervé Bastien ki se manadjè Klass, desizyon sa a pa vrèman vini de sa ki te pase nan bal la men pito de kèk mesaj vokal li ta tande aprè e pou manadjè a se yon desizyon kap bon pou tou de djaz yo.

Si pou kèk moun desizyon Klass la kòrèk paske daprè yo djaz la gen yon imaj pou l pwoteje sitou yo pral fete 10 lane yo, pou kèk lòt se yon desizyon lachte ak mank respè pou fanatik yo ki se prensipal konsomatè biznis mizik la.

Nap swete desizyon sa a pap la pou tout tan. An n fè konpetisyon mizik olye nou fè l fizik pou nou ka pouse konpa dirèk pou pi devan.

Facebook Comments
Continue Reading
Translate »