Connect with us

MUSIC

Posiblite pou Marvens Bastien entegre ENPOSIB

Published

on

Endistri mizikal ayisyèn nan toujou gen divòs kap fèt ladan l men konsa tou anpil bèl maryaj
toujou ap fèt. Pandan nap pale de maryaj, pwochen ki ta sipoze pran chimen endistri a se
maryaj Marvens Bastien ak fòmasyon mizikal ENPOSIB, daprè sa yon sous nou ka fè
konfyans rapòte n.

Tankou nou te konnen l deja, Marvens Bastien ansyen batè T-VICE la , te divòse ak djaz la
depi 31 dawout 2020 jan li te fè piblik la konnen sa nan yon kominike pou la près e T-VICE
tou nan moman sa a pa t pran tan pou te soti kominike pou la près pa l tou yon fason pou l
te swete ansyen mizisyen l tout sa ki bon yo nan chimen li gen pou l pran pi devan.

Nap raple Marvens Bastien te kraze kite sa ak T-VICE apre li te fin pase sèt (7) lane anndan
djaz la, yon divòs ki sanble te fèt nan respè yonn pou lòt. Si nan moman separasyon Marvens Bastien ak ansyen djaz li li potko gen plan entegre lòt djaz, pou kounye a, apre plis pase yon lane ak yon mwatye, ta sanble ansyen batè T-VICE la ta pare pou l entegre ENPOSIB yonn nan djaz li te gentan konn ap prete sèvis li. Nou swete maryaj sila a dire epi tou pou l pote bon jan fwi pou konsène yo ak pou KONPA
DIRÈK la, si tout fwa li ta rive fèt jan sous nou ta fè n kwè l la.

Gbsainthubin@gmail.com

Facebook Comments
Continue Reading
Translate »