Connect with us

NEWS

ORLANDO CARIBBEAN FESTIVAL 10TH EDITION | MEN KIJAN SA TE PASE

Published

on

Dizyèm edisyon Orlando Caribbean Festival te dewoule ayè samdi 13 Mas 2021 ki sot pase a nan Dream city kote Dj, atis ak djaz te pèfòme nan sware sa.

Sware sa ki te dwe kòmanse a 7 è ta pral demare yon ti kras pi ta akòz kèk ti aranjman ki potko fini. Òganizatè yo te separe sware a an konsè ak bal. Klere, yon djaz kap evolye nan òlando te louvri sware sa ak bon jan mizik se konsa atis yo ta pral defile yonn apre lòt. Chantè, dansè epi Nolly se sèl rapè ki te pèfòme nan festival la. 

Apre rapè a se te tou pa Blondedy Ferdinand pou l te bay pèfòmans pa l la. Avan li te kòmanse jwe, li te pran tan l pou l di ak tout moun kap gade espektak la, anba layv Sakcho, Konpaevents ak lòt platfòm ki te layv tou, se pa konnen yo pa konnen sa kap pase Ayiti nan moman an e yap soufri anpil tou an tank Ayisyen men malerezman festival la te gen tan pwograme avan sa.

Li te tou mande moun yo aksepte sa paske se pa fòt yo. Se pou sa li te demare ak “pou ou” yonn nan mizik li gen nan aktif li, yon fason pou li te dedye l ak Ayiti. << Mizik sa mwen toujou chante l pou lanmou, pou kè kontan, pou moun ki nan relasyon aswè a mwen panse map chante l pou Ayiti pou m di Ayiti mwen santim byen pou li apre 12 zan mwen fè mw pa ka ale nan peyim kounye a mwen resi gen posiblite pou m tounen epi se konsa peyi a ye>> deklarasyon Blondedy Ferdinand ki tou swit apre li chante mizik la.

Malgre atis la te gen gwo difikilte pou l antre sou mizik “ou sou may” la ki se dezyèm mizik li te vle chante jouk li kite sa sa pat anpeche li kontinye ak “ imamou lele” youn nan mizik Boukman eksperyans ki fè anpil siksè. Li kontinye mete anbyans ak “padone yo” kanaval Ram 2006 kote li te retire rad long ki te sou li a, ki te fè kèk moun sezi pou jan rad sa te kouvri kò l, pou li te ekspoze kò l pou bay piblik li plis plezi. 

Apre pèfòmans Blondedy a, dj a te kontinye jwe pou tann zenglen ki tap fè aranjman pou vin kontinye fèt la. Djaz la monte malerezman li pa t fè twòp tan li sèlman jwe yon mizik sa ki te lakòz kèk fanatik te rete sou swaf yo. Malgre yo pa t fè tan, djaz la te pran yon minit silans kanmenm pou panse ak Ayiti epi polisye yo ki sot konnen yon move moman.

Menm kote zenglen fin jwe Kenny Haïti pa t pran tan pou li monte. Li lage ak mizik “mafia” yon mizik li chante ak Kaï. Anpil medam te anvayi devan sèn nan ak telefòn nan men yo pou yo fè foto, videyo epi amize yo ak chantè a. Kenny tou kontinye ak “kisa pou m fè” piblik la tap byen pran plezi ak atis la, ou santi se te jou pa yo paske jan piblik la te reponn “jou pa nou” an tout moun te ka wè nan moman sa te gen bagay e menm si Kenny fini ak mizik “si m te konnen” an fanatik yo pa ka di si yo te konnen yo pat vini.

Dj Stakz kontinye mete animasyon pandan Harmonik ap fè dènye aranjman pou vin delivre sa li pote nan festival la. Apre tout bagay te fin anfòm, djaz la kòmanse frape. Harmonik tou te pran yon momam silans nan memwa polisye ki tonbe yo. Apre sa djaz la lage ak “cheri benyenm” e fè sa li te gen pou l fè a epi kite plas pou Vayb ki te gen pou fèmen sware sa.

Apre tout prepasyon, Vayb monte pou vin satisfè fanatik li yo ki tap rete tann. Michael Guirand, san pèdi plis tan kòmanse ak “one night stand”. Fanatik yo tap byen vayb ak djaz yo e se te yon plezi pou yo te wè chantè a anfòm apre yon bon ti bout tan li te fè malad.

Chantè nimewo 1 an vide konpa sou piblik la ki tap danse epi chante ak djaz la. Ou te ka remake atis la anfòm nan jan lap chante tankou l tap respire. Atis la pa t pran tan silans menm jan ak lòt yo te fè avan li men li te mande Ayisyen pou yo mete tèt ansanm pou peyi a avanse. Apre plis pase 30 minit bon jan konpa Michael te remèsye piblik la e fèmen dizyèm anivèsè festival la an bote.

Malgre tout difikilte ki te genyen, korona ki te anpeche moun yo deplase an foul, dizyèm edisyon festival karayib la nan òlando te rive fèt kanmenm.


Guirlande B St Hubin | gbsainthubin@gmail.com

Facebook Comments
Continue Reading
Translate »