Connect with us

NEWS

Orchestre Septentrional d’Haiti Revoke 3 Mizisyen nan Okès La

Published

on

Nan yon kominike Konsèy administrasyon Okès Septentrional la mete deyò nan dat madi 3 janvye 2023 a, Mesye Ulrick (Rico) Pierre-Louis, président Konsèy la enfòme tout moun sa konsène li mete yon bout nan kontra li te genyen avèk 3 mizisyen ki tap fè estaj nan Jaz la.

3 mizisyen sa yo se ofisye polis Eddy Devil ki te klavyeris, Patrick Jules ak Ricardo Maxime ki te 2 chantè. Ansyen mizisyen sa yo jwenn revokasyon pou insifizans profesyonèl toujou daprè nòt la ki raple yo pran desizyon selon sa atik 30 ak 42 alineya (b) ak (g) kòd travay ki an vigè nan peyi dAyiti a prevwa sa.

Nòt la fini pou l di okenn nan ansyen mizisyen sa yo pa gen dwa jwe ni pou, ni nan non okès Septentrional.

Bélizaire Raphaël | bélizaire 30@yahoo.fr

 

Facebook Comments
Continue Reading
Translate »