Connect with us

NEWS

Nu Look nan pelerinaj pou jwenn gras fanatik yo apre pèfòmans 3 janvye a

Published

on

Depi kèk tan ensekirite a tabli katye jeneral li nan peyi dayiti kote tristès, laperèz, ak anpil kè kase blayi sou preske tout kouch nan sosyete a, menm sektè mizikal la pa epanye. yon sitiyasyon ki lakòz plizyè djaz deja viktim agresyon ak tantativ agresyon nan men gwoup ak zam kap simaye laperéz nan divès rejyon andan peyi a. Enposib ak Djakout se kèk pami djaz ki deja viktim zak agresyon yo.

Nan menm kontèks sa, Krisla pwodiksyon ki gen nan tèt li Krisla, yon sitwayen nan Fontamara ki ta sanble genyen plizyè akizasyon sou do l kom kwa li ta enplike nan anpil zak ensekirite ki pa sispann simen dèy nan kan divès fanmi nan kapital la, ta sanble te gen dizon ak gwoup Nu Look pou vin jwe pou li. Aprè anpil pale sa te soulve nan mitan fanatik djaz sila, bal sa ta pwal anile. Men 3 janvye ki sot pase la, Arly ki se mèt djaz la ta pwal deside jwe kan menm pou pwodiksyon an men fwa sa yon sware pòt louvri kote espektatè yo pat oblije peye pou vin danse djaz la.

Anpil keksyon ap poze depi jou sa: Poukisa mayestwo a aksepte jwe ? Eske li vle sipòte move zak kap pase yo? Eske li te gen menas sou li ? Eske tou atis lan jwe pou pwoteje tèt li ak fanmi l? Anpil kesyon ki rete san repons bo kote Maestwo ak chantè djaz la ki se Arly Larivière ki prefere rete nan silans li ak lespwa sitiyasyon an ap kalme pou kont li.

Bò kote pa Akinson Bélizaire aka Zagalo li lonje dwèt tout longè sou moun ki ap kritike chwa NuLook pou tal jwe pou prezime chèf gang nan. nan emisyon Sak Cho, yon platfom plizyè animatè pami yo Carel Pèdre, Guywewe, Kitcat ak Wilfrid Petit-Frère ki se PDG Konpaevents, Zagalo deklare samdi 9 desanm pase a ke pèsonn pa ka kritike l si w pat janm twouve w nan sitiyasyon pa l la.

Yon lòt bò pwomotè a eksplike desizyon jwe a vini apre chita pale ant staff Nu Look la ak ekip Pwodiksyon an ki te gentan reziye l apre anilasyon sware 30 desanm nan. Nu Look chwazi jwe gratis jou swa 3 janvye a pou montre l solidè ak sitwayen pezib nan Fontamara ki yo menm tou merite jwenn ti moso plezi nan sa Djaz la tap separe pandan fèt fen ane yo’ deklarasyon nimewo 1 Zigizag Pwodiksyon an.

pi devan pwomotè a presize ni li menm ni Arly pa la pou deside kiyes ki bandi ou non, se leta ki pou fè travay li pou operatè kiltirèl yo pa tonbe nan pyèj sa yo.


Guirlande B St Hubin | gbsainthubin@gmail.com

Facebook Comments
Continue Reading
Translate »