Connect with us

MUSIC

NATACHA ZUZU ANTRE NAN ENDISTRI MIZIKAL AYISYÈN NAN

Published

on

“Ou fè kè m poze” se avèk mizik videyo sila Natacha Lafontant ki gen non atis li Natacha zuzu fè aparisyon l nan biznis mizik ayisyen an lendi 21 mas 2022 a, bò kote Manno Farinen ansyen chantè Fresh-up la.
Natacha, depi kèk tan ki popilè anpil sou Fesbouk la nan pote konsèy pou jèn fi yo sou kijan yo dwe konpòte yo, pat janm afiche vrèman yon anvi pou entegre endistri a menm si li te toujou montre li renmen chante. Dayè, nan emisyon l chak maten sou Fesbouk la, komèsant la pap kòmanse l san l pa chante sitou mizik ki gen tit “Rele baz la” a.
Daprè Natacha desizyon pou l antre nan mizik la ta vini bò kote Reginald Cangé yonn nan pi gran chantè nou genyen nan endistri mizikal ayisyèn nan:<< yon atis serye konsa rele m pou l konplimante m, di m ka chante>>, se konsa zuzu a tap eksplike nan prezantasyon mizik la jan Reginald Cangé, ki dayè ofri l èd li gratis nan koze mizik, ta motive l.
“Ou fè kè m poze” charye anpil merit avè l men konsa tou li pa kite kritik yo dèyè, sa ki pa sanble ebranle vedèt Fesbouk la ki gentan ap panse ak albòm li.
Gbsainthubin@gmail.com

Facebook Comments
Continue Reading
Translate »