Connect with us

MUSIC

MINOUCHE CHOULOUTE ENTEGRE ZENGLEN

Published

on

Ayè jedi 31 mas 2022 a, pandan konferans pou laprès prezantasyon albòm Zenglen an (BRAVO), djaz la pwofite prezante ofisyèlman Minouche Chouloute ki gen ti non Shoomy kòm yon nouvo manm anndan Zenglen.

Se nan lane 2010, gras ak konkou “Digicel Stars” anpil moun ta pral dekouvri talan sa a ki se Minouche Chouloute nan menm epòk ak Roody Roodboy, Vanessa Désiré, elatriye. Menm si li pa t soti premye nan konkou sila a, sa pat retire anyen nan talan li ak nan anvi viv rèv chantèz li.

Kèk lane pita, Shoomy ta pral fè pati yon gwoup mizikal ki te gen ladan sèlman fanm ki te pote non “Artiz”. Malgre nou pa twò tande pale de Artiz, jèn chantèz la pa janm bouke travay pou li etabli plas li jan li swete l la. Se yon moun ki gen kapasite entèprete plizyè varyete mizik (lokal tankou entènasyonal).

Nan lane 2018, Minouche te patisipe nan “Haitian Compas Festival” nan Miami apre li te fin genyen konkou <<Sing at Compas Fest>>. Nan menm lane sa a, egzakteman 17 me, Shoomy soti premye mizik li ki rele “Tounen”. Chantèz la chante tou ak plizyè moun tankou: BIC, Patrick Handal, Chango…epi nan lane 2021 an li soti yon dezyèm mizik ki rele “Lap difisil”. Pa twò lontan la a, nan sizyèm edisyon PHMA a, Minouche sot pèfòme nan nò Miami.

2022 Minouche Chouloute ateri nan inivèsite a ki se Zenglen. Jan nou konnen l deja mayestwo Brutus se yon moun ki gen nen fen nan detekte talan nenpòt kote l ye a, kidonk nou pa ka gen dout sou chwa li yo.
Pandan nap swete Minouche Chouloute byenvini nan Zenglen, nap swete tou pou prezans li nan djaz la pote fwi pou yo tou de.

Byento 33 lane, 14 albòm, yon Fanm devan sèn nan bò kote Emminix nou pa ka di plis pou Zenglen pase “BRAVO”.

Gbsainthubin@gmail.com

Facebook Comments
Continue Reading
Translate »