Connect with us

VIDEOS

MEN KIJAN’M SOLO | MEN KIJAN BJWES SOLO NAN DISIP

Published

on

Men Kijan’m Solo se yon rebrik Konpaevents ap pote pou ou, pou expoze talan mizisyen nou yo. Nap konmanse avèk yon jenn kibòdis ki rele BjWes kap jwe avèk Disip. Disip te toujou gen pwoblem jwenn yon kibòdis ki ka ranplase Dobodo nan jazz la paske Dobodo se grenn kibòdis ki pase plis tan nan Disip e ki sanse gate jazz la ak fason l jwe.

Disip te toutou bezwen yon kibòdis ki ka jwe pou ranplase Bodo, gen plizyè moun ki pase nan plas la men fanatik jazz la te toujou ap plenyen. Bjwes sanble vin’n pou bon paske li jwe dezyem bal li ak Disip anpil fanatik jazz la deja ap bat bravo pou travay li fe nan solo yo.

Nan bal ki te jwe west palm beach la, Konpaevents te mete yon kamera sou Bjwes pou tout sware, men kijan sa te pase.

YouTube player

 

 

Facebook Comments
Continue Reading
Translate »