Connect with us

NEWS

MASS KONPA Sèvi Fanatik Yo “SANS REGRET”

Published

on

Dènye albòm Mass Konpa a sòti, jan sa te anonse a, nan dat 31 desanm 2022 a.

Apre “Kwa Pam”, premye albòm Jazz la kite sòti nan lane 2005, “Jije m ” 2e nan ki te sòti an 2012 ak “Prensip” youn nan pibèl albòm jaz la ki te sòti an 2016, ekip ki gen Gracia Delva nan tèt li a kòm mèt Jaz epi chantè, ateri nan etyèmay la ak yon 4è albòm ki rele “Sans Regret”

Albòm sa gen 12 mizik sou li ak yon bonus track. Se yon boul oksijèn li ye pou konpa puiske sa fè kèk tan depi pa gen nouvo albòm konpa ki sòti. Fanatik jazz ak moun ki renmen konpa ap jwenn ti bagay nèf pou yo tande nan zòrèy semenn sa.

Gen plizyè lòt Atis nan etyèmay la ki pote kole pou reyalize albòm sa tankou : Fantom, Nicky Prudhomme (Nicky), Vladimir Mead aka Masterbrain, Sanders, Réginald Bastien (Ti Regy), Jeff Propère ak T Ancyto Mercier pou n site sa yo sèlman.

Annatandan ekip la prezante albòm lan bay Près kiltirèl la nap ka tande, telechaje epi achte mizik nou renmen yo sou tout platfòm yo.

Nap raple se labèl @CyberSpundStudio ki produi albòm nan.

Bélizaire Raphaël (Rafa)

Facebook Comments
Continue Reading
Translate »