Connect with us

NEWS

Manno Farinen Tounen Yon Atis Solo !

Published

on

Miami, 1e janvye 2022.- Se nan Fresh-Up Manno Farinen kòmanse karyè l antanke chantè nan lakou Petyonvil kote, nan lane 2011,  djaz te sòti ‘’BBM’’ yon single ki toujou ap fè moun danse jouk kounya. Apre sa, nan lane 2015, akòz sitiyasyon politik malouk peyi d Ayiti, Manno Farinen te deside mare pakèt li epi pran wout Etazini, patikilyèman nan leta Filadèlfi, pou l tabli katye jeneral li.  

Kèk lane apre, etan l ap bouske lavi nan peyi Etazini, Manno Farinen kreye, nan tèt kole ak lòt mizisyen, LINKÒP (2017) ak NYCE (2018), 2 gwoup Konpa ki, malerezman, kraze rapid men moun toujou sonje. Malgre gwoup sa yo pat dire, yo rete pami jenn gwoup fanatik te pi renmen sou mache a pandan 10 dènye lane ki sot pase yo. 

Apre yon peryòd nèf (9) mwa ap reflechi sou karyè li, Manno Farinen pran desizyon jwe an solo sèlman kounya. Nan sans sa a, apati piblikasyon kominike sa a, chantè a pral jwe sou non pa li men l ap gen mizisyen k ap akonpaye l sou sèn epi l ka jwe ak DJ tou nan kèk lokazyon.

‘’Eksperyans mwen antanke chantè nan gwoup Konpa aprann mwen anpil bagay. Sa pa gen lontan, li te difisil anpil pou atis solo te pèse sou mache a. Jounen jodia, sa kòmanse chanje sitou grasa Rezo sosyal yo ki se yon gwo fòs pou yon atis solo kreye pwòp rezo fanatik pa l epi fè siksè. Sa ap pami estrateji mwen pral itilize nan oryantasyon tounèf sa a m ba karyè m nan’’, se deklarasyon Manno Farinen. 

Pou konnya, atis la kanpe nan lakou Miyami epi ap travay san rete sou premye EP li ki ta dwe sòti pandan premye twa (3) mwa lane 2022 a.

Facebook Comments
Continue Reading
Translate »