KONPAEVENTSKONPAEVENTS
  • HOME
  • NEWS
  • INTERVIEWS
  • MUSIC VIDEOS
  • LIVE VIDEOS

Subscribe to Updates

Get the latest creative news from FooBar about art, design and business.

What's Hot

REGINALD CALVERT – M’PA DRA BLAN’W ” official video “

March 8, 2021

WID INTERVIEW ON KONPAEVENTS [ MARCH 1 ST 2021 ] 

March 3, 2021

WID VIDEO RELEASE & PRESS CONFERENCE [ FEV 28 – 2021 ]

March 1, 2021
What's Hot

18 AVRIL 2022, KLASS 10 LANE AKONPLI

April 19, 2022

ARLY LARIVIÈRE AK DJAZ LI NU LOOK KRAZE “OLYMPIA DE PARIS”

April 19, 2022

Opa Gala Awards Returns

April 18, 2022
Facebook Twitter Instagram
Facebook Twitter Instagram Vimeo
KONPAEVENTS KONPAEVENTS
Subscribe Login
  • HOME
  • NEWS
  • INTERVIEWS
  • MUSIC VIDEOS
  • LIVE VIDEOS
KONPAEVENTSKONPAEVENTS
Home » Kou Di Pou Sektè Mizikal la | Herman Nau Mouri
NEWS

Kou Di Pou Sektè Mizikal la | Herman Nau Mouri

konpaeventsBy konpaeventsJuly 27, 2021No Comments2 Mins Read
Facebook Twitter Pinterest LinkedIn Tumblr WhatsApp VKontakte Email
Share
Facebook Twitter LinkedIn Pinterest Email

Kou di pou sektè mizikal la

Mouche lanmò jwenn la rezon sou Herman Nau ayè dimanch 25 jiyè 2021 an nan lakou New York apre li te fin viktim de yon aksidan kadyo vaskilè (AVC). Yon nouvèl ki siprann anpil mizisyen, zanmi ak pwòch Lejann nan.

Kilti lakay ak sektè mizikal la pa ka plenyen de pasaj Herman Nau nan endistri a. se gras ak li epi Albert Chancy ki fè nou gen patrimwàn sa ki rele “Tabou Combo” a.

Nan lane 1968 Herman Nau ki se yon batè ak Albert Chancy te deside mete ansanm pou pote bon jan mizik Nan zòrèy nou, konsa mesye yo ki te kòmanse fè konsè Nan legliz ta pral fòme ansanm “Los incognitos de Petion-Ville”. Yon gwoup ki pa t pran tan pou te chame piblik la e rapid vit “Radio Haïti” ta pral klase “Los incognitos de Petion-Ville” kòm pi bon gwoup mizikal lane sila.

“Tabou Combo” ki vin ranplase non “los incognito de Petion-Ville” te kontinye bay konsè anpil kote nan monn lan tankou nan nò Amerik la, Afrik, Ewòp e sitou nan Karayib la. Mizisyen yo te menm konn rele tèt yo “Anbasadè konpa”.

Nan lane 1970, mizisyen yo te bay premye bal yo sou non “Tabou Combo” nan lakou New York apre yo te fin kite Ayiti pou enstale yo Brooklyn.

Plis pase 50 lane apre Tabou Combo kontinye kenbe flanbo a.

Herman Nau, ansyen minis espò sou ansyen prezidan Aristide, janbe se vre men zèv li yo ap rete pou tout tan.

Pandan nap swete tout fanmi, zanmi ak sektè mizikal la kondoleyans, nap pwofite swete yon vi ki pi long ak Tabou Combo.

Lejann pa konn mouri. Bon travèse Herman Nau!!!

Sous: musicme, Wikipedia. 


Guirlande B. St Hubin | @guigui_landy

Facebook Comments
Featured herman nau tabou combo
Share. Facebook Twitter Pinterest LinkedIn Tumblr WhatsApp Email
Previous ArticleDarline Desca | Chanjman ki Okazyone Siksè Darline Desca
Next Article Ekip jwenn viza ameriken e albòm yo pral lage
konpaevents
  • Website

Related Posts

18 AVRIL 2022, KLASS 10 LANE AKONPLI

April 19, 2022

ARLY LARIVIÈRE AK DJAZ LI NU LOOK KRAZE “OLYMPIA DE PARIS”

April 19, 2022

Opa Gala Awards Returns

April 18, 2022

DJUMAY PRAL TOUNEN AK TOUT FÒS LI NAN ENDISTRI MIZIKAL AYISYÈN NAN

April 12, 2022
Don't Miss
MUSIC

18 AVRIL 2022, KLASS 10 LANE AKONPLI

April 19, 20220 MUSIC

Lendi 18 avril 2022 a, dat pou dat, fè fòmasyon mizikal Klass 10 lane depi…

ARLY LARIVIÈRE AK DJAZ LI NU LOOK KRAZE “OLYMPIA DE PARIS”

April 19, 2022

Opa Gala Awards Returns

April 18, 2022

DJUMAY PRAL TOUNEN AK TOUT FÒS LI NAN ENDISTRI MIZIKAL AYISYÈN NAN

April 12, 2022
Stay In Touch
  • Facebook
  • Twitter
  • Pinterest
  • Instagram
  • YouTube
  • Vimeo
Our Picks

18 AVRIL 2022, KLASS 10 LANE AKONPLI

April 19, 2022

ARLY LARIVIÈRE AK DJAZ LI NU LOOK KRAZE “OLYMPIA DE PARIS”

April 19, 2022

Opa Gala Awards Returns

April 18, 2022

TOUNE DISIP AN AYITI

April 6, 2022

Subscribe to Updates

Get the latest creative news from SmartMag about art & design.

Our Picks

Remember! Bad Habits That Make a Big Impact on Your Lifestyle

January 13, 2021

The Right Morning Routine Can Keep You Energized & Happy

January 13, 2021

How to Make Perfume Last Longer Than Before

January 13, 2021

Stay off Social Media and Still Keep an Online Social Life

January 13, 2021
  • Facebook
  • Twitter
  • Pinterest
  • Instagram
  • YouTube
  • Vimeo
KONPAEVENTS
Facebook Twitter Instagram YouTube WhatsApp TikTok
  • HOME
  • NEWS
  • INTERVIEWS
  • MUSIC VIDEOS
  • LIVE VIDEOS
© 2022 KONPAEVENTS.

Type above and press Enter to search. Press Esc to cancel.

Sign In or Register

Welcome Back!

Login to your account below.

Lost password?