Connect with us

NEWS

Konsè APA/Atis Pou Ayiti Pou ranmase lajan pou viktim gran Sid la

Published

on

Samdi 14 dawout 2021 ki sot pase a, jan nou tout konnen l, katastwòf natirèl mete dlo nan je pèp ayisyen an yon lòt fwa ankò. Ayisyen toupatou tankou etranje santi nesesite pou lonje men bay ayisyen nan gran sid la ki se viktim dirèk tranblemann tè sa ki te pase a.

Nan menm sans sa a, mizisyen nou yo yo menm tou santi yo plis nan obligasyon pou ede nan fason pa yo. Konsa yo deside mete tèt ansanm nan APA ki se Atis Pou Ayiti pou yo montre kisa n ka fè lè n ini nou, byen ke yo te deja sou tèren an pèsonèlman oubyen ak òganizasyon pa yo.

Ayè mèkredi premye septanm 2021 an, APA nan tèt kole ak Rodney Noel ” Noel & Cecibon Production ” – Gerald Firmin ” Kaliko Production ” – Patrick Fabre ” Kyafa Sport & Entertainment ” òganize yon bèl sware Nan nò Miami Beach pou ranmase lajan yon fason pou kontinye ede pèp gran sid la ki vin nan plis bezwen toujou apre katastwòf sa a.

Nan sware sa a te genyen: Harmonik, T-vice menm si Reynaldo pa t ka prezan, Nu Look, Zenglen, Gabèl, Klass epi Kenny Haïti malgre li pa t gen chans pèfòme(pwoblèm teknik). Anpil djaz ak Atis pa t la men sa pa vle di yo pa kore mouvman an se pito sa ki te la yo se yo ki te pi disponib pou dat sa a pou repete apre Carel.

Se vre chak djaz ki pèfòme gen non pa yo men lè n gade yo kap defile nou wè yon sèl nasyon kap manifeste lanmou yo genyen pou peyi yo ak pou frè ak sè parèy yo. A la bèl sa bèl lè n mete tèt ansanm.

Plizyè pèsonaj piblik te prezan tankou otorite ayisyèn nan Miami Beach, Ed Lozama ki se pitit dirèk sid la ak Johnson Napoleon ki se yon antreprenè ayisyen nan dyaspora a ki te tou bay yon chèk 5000 $ e pwofite mande ak tout antreprenè ki nan dyaspora a pou yo kontribye. Pwovèb la di “men anpil chay pa lou”.

Solidarite Ki gen nan mitan nou nan move pas sila montre a klè chanjman Ayiti ka vini de nou, nou sèlman bezwen kenbe l Pou tout tan. Travay men nan men se kle, AKPA te montre n sa jou ki te samdi 21 dawout la kounye a APA fè l e nan yon tan ki pa twò long nap jwenn bilan aktivite sa a paske tout bagay ap fèt nan transparans.

Nou swete ak tèt ansanm Ayiti ap soti nan sa l ye a yon jou kanmenm.

Gbsainthubin@gmail.com | @guigui_landy

Facebook Comments
Continue Reading
Translate »