Connect with us

NEWS

Kisa 2023 ap Pote nan Djakout li pou Etyèmay la ane sa ?

Published

on

Ane 2023 a sanble ap enteresan anpil pou etyèmay la. Si n ta dwe kwè sa anpil group ak atis nou pale ak yo fè n konnen, gen plis pase yon dizèn albòm, nan tout kategori mizik, ki ta dwe sòti ane sa a.Gen anpil albòm ki nan estidyo kap prepare. Genyen kap pran ti tan pou yo sòti, konsa tou genyen se jou y ap konte pou yo mete yo deyò.

Antretan, si genyen ki te sòti pandan 2022 a san yo pa fè trop bri, ni trò gro siksè, anpil dyaz ak atis nan etyèmay la anonse albòm yo pou ane sa a.
Se ka atis tankou : Roody Roodboy ki konfye nou albòm li pare, l ap sòti pa trò lontan ak 9 mizik sou li. Men atis la pat deside di nou ki tit albòm lan ap pote.Charlin Bato, Trouble Boy, Steeve Jay Bryan, Darline Descar ak Emeline Michel, Blondedy Ferdinand se kèk lòt atis ki anonse albòm yo tou pou ane 2023 a.

Kanta pou group mizikal kap evolye swa ann Ayiti osinon aletranje, nou ka konte sou group Klass, Nu Look, Ekip, kreyol La, Vayb, Djakout #1, Enposib ak Disip ki bay fanatik yo randevou pou ane sa.

Youn nan group anpil moun ap tann albòm li se Zafèm nou pa tande kèk tan depi apre ekip Réginald Cangé ak Dener Ceide la te fin sòti 2e mizik yo ki rele “A La De Ka”.

Antouka, si tout group ak atis sa yo kenbe promès yo, se yon ane k ap entèresan anpi l, paske se youn nan ane kap gen plis albom ki sòti ladan l. E sa p ap manke pa fè kè fanatik yo k ap tann dyaz yo delivre depi lontan, kontan anpil anpil.

Bélizaire Raphaël (Rafa) | belizaire30@yahoo.fr

Facebook Comments
Continue Reading
Translate »