Connect with us

NEWS

Kikko Lyrics lage “En Dernier ” feat Guy Wewe

Published

on

Jan sa te anonse a “En Dernier” nouvo mizik Kikko Lyrixx la animatè Guy Wewe feat sou li a sòti jodi dimanch 15 janvye a.

Mizik la ki videyoklipe montre nou 2 chantè yo ki atire pa yon bèl grenn fanm ki debake nan yon sware.Dam lan tèlman atirant tout moun pral anvi danse avèl e se avèk Kikko li pral aksepte fè dènye dans lan pou sware a. Sa ki eksplike tit “En Dernier ” a.

“En dernier” se mizik ki anonse premye albòm Willy Saint-Hilaire a.K.a kikko Lyrixx k ap gen pou sòti pandan ane 2023 a.

Kikko se yon mizisyen ki prolifik anpil.Li konpoze epi ekri paròl anpil mizik ki fè gwo it nan etyèmay la.Li travay avèk plizyè atis ak dyaz tankou Klass, Zenglen, Disip, 5 Etwal, T-Lunèt, Gabel, TVice, Roody Roodboy, Rutshelle Guillaume, Suav Mizik, K-Dans, pou n site sa yo sèlman.

Li ekri mizik tankou “M Swete l danse” Zenglen, “Pasyans Lanmou” Ti Lunèt, “Krazed Fwaye”, “Marry Me” Roodboy Roodboy, ” La femme de mon patron” Bel Jazz, “For Ever More” Suave ak yon dizèn lòt ankò.

Apre tout siksè sa yo pitit vil Aken an la deside mete tèt li an valè sou pròp projè pa li.

Annatandan li montre sa li gen nan dyakout li, li ban nou yon avangou avèk “En dernier” Feat Guy Wewe ak kolaborasyon plizyè lòt mizizyen. N ap ka gade l sou YouTube epi telechaje li sou tout lòt platfòm yo.

Nap raple, dapre sa kikko di nou, videyo mizik la koute 30 mil dola vèt.

Bélizaire Raphaël (Rafa)

KIKKO FT GUY WEWE  - EN DERNIER " official video "

 

Facebook Comments
Continue Reading
Translate »