Connect with us

NEWS

Katoumia ak Cadelouse soti yon nouvo videyo mizik

Published

on

“Lanmou marasa” se nouvo videyo mizik Katoumia ak Cadelouse soti ayè mèkredi 15 desanm 2021 an nan lakou Florida nan lokal Casa de amore.

Katou ak Cadou se de bèl fanm ayisyèn anpil nan nou petèt dekouvri nan fòmasyon mizikal Klass men yo te kòmanse nan mizik deja.

“Respekte m” se premye videyo mizik Katoumia te fè deja avan menm li te vin fè koris nan Klass, malerezman yon avanti ki pa t ka kontinye pou li, daprè sa l di, akoz responsablite pèsonèl li. Kanta Cadelouse li menm, li te soti premye videyo mizik li ki rele “Deeper” nan lane 2017 e avanti pa l la nan Klass ap kontinye jouk kounye a. Dayè, nou ka remake, nan dènye tan sa yo, mayestwo Ritchie pa ezite bay jèn chantèz la devan sèn Klass pou l entèprete ak li “ Mwen renmen w”, yon jès ki pwouve a klè konfyans mayestwo a gen nan atis la.

De jèn chantèz sa yo ki chaje talan mete ansanm, ak sipò JP, Nixon Mésidor, mayestwo Ritchie, Cedrick Louis…, pou pote “Lanmou marasa” yon mizik ki rakonte istwa relasyon de bon zanmi ak yon marasa.

Si medam yo jwenn sipò Wadou ak Derbie ki se koris Nu Look (nou konn kisa fanatik yo panse de Klass ak Nu Look deja) li rete ak ou menm pou w ankouraje de chantèz yo pou yo kontinye travay pou voye kilti lakay monte pi wo.

Gbsainthubin@gmail.com

Facebook Comments
Continue Reading
Translate »