Connect with us

NEWS

Kaï lage dezyèm albòm li ki rele “jije’m” | Kimoun ki Patisipe sou albòm sa ?

Published

on

Kowona ralanti tout aktivite nan mond lan, pa bò isit lis pa nou pi long lè n ajoute ensekirite, katastwòf natirèl ak tout move zafè kap pase yo sa vle di sa fè yon bon tan depi nou ajenou. Atis yo, djaz yo, ki te sou poz paske yo sibi anpil yo menm tou, kòmanse delivre machandiz pou fanatik yo. Se vre peyi nou ajenou toujou men djaz yo oblije degaje yo travay sitou mache entènasyonal la kòmanse louvri e pèmèt yo pèfòme.

Premye lè nan jounen madi 31 dawout 2021 sa a, Richard Cavé debake ak dezyèm albòm Kaï la jan li te anonse sa e nan menm fen jounen sa videyo “jije’m feat Medjy tou lage . Nap raple Kaï se yon djaz ki toujou ap travay pou satisfè fanatik li ak tout moun ki renmen konpa depi lè li antre nan endistri mizikal Ayisyen an. Ou ta ka menm anvi poze tèt ou kesyon si djaz la pa deja reyalize youn nan rèv kèk fanatik mizik sitou fanatik Carimi dirèkteman ki se konble vid djaz sila te kite. Nou konnen Kaï se youn nan pitit ki soti nan vant Carimi.

Apre “Champion” ki se premye albòm Kaï, Richard pote “Jije’m” ki vin konfime yon fwa ankò kapasite l pou l pwodui bon jan konpa sou tout nivo. Albòm sila gen 11 tit sou li (Jije’m feat Medjy- Ou pa pou mwen- Abizem- MTM feat MASTERBRAIN – Toutouni- Koupab feat Bedjine- La ri a pa bon feat AndyBeat- Spesyal- Touchew feat Goldn.B- pa ret sou mwen- Nou pa moun ankò). Fanatik yo pa ka plenyen ni pou kalite ni pou kantite e menm pou koulè. “Jije’m” deja bay yon “hit” kap fè lòbèy ki se “koupab”, mizik sila an Ayiti tankou nan toune Kaï ansanm ak Bedjine nan entènasyonal la pwouve sa e ou gen lenpresyon gen lòt ki ka vini toujou. Yon videyo ki gade plis pase 5 milyon fwa, yon dezyèm ki fenk lage nan moman redaksyon atik la, plizyè lòt nan wout daprè pòs atis la fè deja, antouka li rete pou nou swete albòm nan kontinye sou chimen siksè.

Richard Cavé louvri pòt la de batan, li envite w antre pou w pwofite de sa li kite pou ou nan Kaï la.


Gbsainthubin@gmail.com  @guigui_landy

Facebook Comments
Continue Reading
Translate »