KONPAEVENTSKONPAEVENTS
  • HOME
  • NEWS
  • INTERVIEWS
  • MUSIC VIDEOS
  • LIVE VIDEOS

Subscribe to Updates

Get the latest creative news from FooBar about art, design and business.

What's Hot

REGINALD CALVERT – M’PA DRA BLAN’W ” official video “

March 8, 2021

WID INTERVIEW ON KONPAEVENTS [ MARCH 1 ST 2021 ] 

March 3, 2021

WID VIDEO RELEASE & PRESS CONFERENCE [ FEV 28 – 2021 ]

March 1, 2021
What's Hot

18 AVRIL 2022, KLASS 10 LANE AKONPLI

April 19, 2022

ARLY LARIVIÈRE AK DJAZ LI NU LOOK KRAZE “OLYMPIA DE PARIS”

April 19, 2022

Opa Gala Awards Returns

April 18, 2022
Facebook Twitter Instagram
Facebook Twitter Instagram Vimeo
KONPAEVENTS KONPAEVENTS
Subscribe Login
  • HOME
  • NEWS
  • INTERVIEWS
  • MUSIC VIDEOS
  • LIVE VIDEOS
KONPAEVENTSKONPAEVENTS
Home » Kaï ap pare nouvo albòm li apre champion
NEWS

Kaï ap pare nouvo albòm li apre champion

konpaeventsBy konpaeventsMarch 3, 2021No Comments3 Mins Read
Facebook Twitter Pinterest LinkedIn Tumblr WhatsApp VKontakte Email
Share
Facebook Twitter LinkedIn Pinterest Email

Fòmasyon mizikal Kaï ki pa sispann travay pou fè fanatik konpa plezi depi lè li ateri nan endistri mizikal ayisyèn nan, kontinye sou menm lanse a pou pote plis plezi toujou pou fanatik li yo. Nap raple Kaï se yon djaz ki soti dirèk nan vant Carimi kidonk yo gen responsablite pou omwen konble yon pati nan vid Carimi kite a, yon djòb djaz la pwouve li ka fè deja avèk premye albòm li ki rele “Champion”.

Richard Cavé, ansyen maestwo Carimi ki se premye chantè Kaï fè nou konnen yap travay san pran souf pou pote bagay nèf pou tout fanatik konpa alawonnbadè e sitou pou fanatik djaz la. Se pou sa mizisyen Kaï yo deside pote yon lòt albòm kap gen ni pou zye ni pou zòrèy. Anpil bèl pawòl ak melodi pral tonbe pou sikre zòrèy malad djaz la konsa tou yap gen dwa ak 3 bèl videyo pou pi piti pou yo lave zye yo, antouka se sa atis vedèt Kaï la ta swete pote pou fanatik djaz la.

Lè nou fè ti koudèy pou nou gade sa Kaï fè nan kay la deja pandan bout tan li rive a fanatik yo mèt prepare yo yap jwenn bagay tout bon. Yon albòm nap jwenn ane sa a san mank si nou kwè sa Richard di nou . Albòm sa se yon bwat kachte ki chaje ak anpil bèl sipriz, sipriz nan atis kap chante sou li, sipriz nan moun kap pote bèl kout plim nan tèks yo daprè sa chantè #1 djaz la rapòte nou. Menm si se yon albòm ki chaje sipriz mèt djaz la di nou a travè pwojè sa ap gen anpil bèl sijè kap trete sou li tankou: nap ka konnen kòman li goumen pou kanpe devan djaz sa jodi a, kòman travay mennen li sou chimen li te swete a.

Ap gen anpil mesaj pou sosyete a tou sa vle di se pap yon albòm kap pale de lanmou sèlman, toujou daprè Richard. Kidonk, se yon albòm pou nou siveye pou nou pa rate anyen. Anpil gwo chèf nan kwizin nan, pami yo Mikaben, pou prepare bon jan asyèt mizik ki gen pou separe nan Kaï la ak fanatik yo.Sa vle di fanatik djaz la mèt rete tèt frèt djaz la anfòm, li an sante paske Richard pa pè sakrifye tèt li pou rès ekip la, fè yo santi yo alèz konsa tou rès ekip la byen kolabore. Se vre se biznis men yo tounen yon fanmi, pou repete apre atis la.

Se yon albòm kachte ki nan wout se vre men aprè “Champion” nou ka atann ak twofe nan kaï la kanmenm.


Guirlande B St Hubin | gbsainthubin@gmail.com

Facebook Comments
Featured KAÏ
Share. Facebook Twitter Pinterest LinkedIn Tumblr WhatsApp Email
Previous ArticleWID INTERVIEW ON KONPAEVENTS [ MARCH 1 ST 2021 ] 
Next Article Widler Octavius Rankontre Laprès nan Miami Florida
konpaevents
  • Website

Related Posts

18 AVRIL 2022, KLASS 10 LANE AKONPLI

April 19, 2022

ARLY LARIVIÈRE AK DJAZ LI NU LOOK KRAZE “OLYMPIA DE PARIS”

April 19, 2022

Opa Gala Awards Returns

April 18, 2022

DJUMAY PRAL TOUNEN AK TOUT FÒS LI NAN ENDISTRI MIZIKAL AYISYÈN NAN

April 12, 2022
Don't Miss
MUSIC

18 AVRIL 2022, KLASS 10 LANE AKONPLI

April 19, 20220 MUSIC

Lendi 18 avril 2022 a, dat pou dat, fè fòmasyon mizikal Klass 10 lane depi…

ARLY LARIVIÈRE AK DJAZ LI NU LOOK KRAZE “OLYMPIA DE PARIS”

April 19, 2022

Opa Gala Awards Returns

April 18, 2022

DJUMAY PRAL TOUNEN AK TOUT FÒS LI NAN ENDISTRI MIZIKAL AYISYÈN NAN

April 12, 2022
Stay In Touch
  • Facebook
  • Twitter
  • Pinterest
  • Instagram
  • YouTube
  • Vimeo
Our Picks

18 AVRIL 2022, KLASS 10 LANE AKONPLI

April 19, 2022

ARLY LARIVIÈRE AK DJAZ LI NU LOOK KRAZE “OLYMPIA DE PARIS”

April 19, 2022

Opa Gala Awards Returns

April 18, 2022

TOUNE DISIP AN AYITI

April 6, 2022

Subscribe to Updates

Get the latest creative news from SmartMag about art & design.

Our Picks

Remember! Bad Habits That Make a Big Impact on Your Lifestyle

January 13, 2021

The Right Morning Routine Can Keep You Energized & Happy

January 13, 2021

How to Make Perfume Last Longer Than Before

January 13, 2021

Stay off Social Media and Still Keep an Online Social Life

January 13, 2021
  • Facebook
  • Twitter
  • Pinterest
  • Instagram
  • YouTube
  • Vimeo
KONPAEVENTS
Facebook Twitter Instagram YouTube WhatsApp TikTok
  • HOME
  • NEWS
  • INTERVIEWS
  • MUSIC VIDEOS
  • LIVE VIDEOS
© 2022 KONPAEVENTS.

Type above and press Enter to search. Press Esc to cancel.

Sign In or Register

Welcome Back!

Login to your account below.

Lost password?