Connect with us

NEWS

Guy Wewe Radyo A se Guy Wewe Chantè A

Published

on

Animatè radyo Guy Webern Guerrier, anpil moun konnen sou non Guy Wewe ap konte jou pou l sòti mizik li fè ansanm avèk Wilky Saint-Hilaire, alias Kiko, ki rele “En dernier”.

Lè li te anonse, nan cho li anime sou platfòm GuyWewe Radyo A, li pral sòti yon mizik, anpil moun panse se jwe li tap jwe.Poutan se tout bon animatè chantè a te gen yon mizik l ap prepare.

Se yon blag ant 2 mesye yo ki vin tounen yon bagay serye, dapre sa kiko ki pale ak nou rakonte nou.Li te nan yon entèvyou yon jou avèk Guy Wewe an 2018 lè konfrè a fè l konnen rèv li se pou l chante yon mizik.Kiko pat pran tan pou l reponn li li ka jere sa. E, se la lide a sòti.

4 lane apre, rèv animatè ki pi popilè nan domèn radyo jounen jodi a, pral tounen yon reyalite.

Mizik la ap rele “En dernier”. Se li k ap tou anonse prochen albòm kiko ap gen pou l sòti ane sa.Atis la di nou li te vle fè yon bagay diferan ak yon moun ki diferan, se sak fè l chwazi mete ak Guy Wewe pou fè mizik la.

“En dernier”, kap gen pou sòti ak tout videyo li 15 janvye kap vini la, koute antou 30 mil dola vèt.E se Smity k ap reyalize li.

Mizik la rakonte istwa yon bèl fanm ki atire kiko nan yon sware jiskaske li rive mande l danse. E se li ki pral fè dènye won an ak dam nan.Yon fason pou l di, anpil fwa, dènye rès la konn pi bon.

Gen plizye mizizyen nan etyèmay la ki pote kole ak yo pou reyalize projè a, pami yo : Lil John ki jwe bas, Mèt Fa ki jwe gita, fè koral ak sikwens, Zazou Solo ki jwe kibòd, Haspen ki fè sikwens tou, Ben Benel ak Zizi ki fè Koral, kiko ki fè sikwens, ekri paròl yo, konpoze mizik la epi chante li ak Guy Wewe, TiRegi Djakout #1 mikse l epi fè masterign li.

Nou swete konfrè nou Guy Wewe bòn chans !

Bélizaire Raphaël | bélizaire30@yahoo.fr

Facebook Comments
Continue Reading
Translate »