Connect with us

NEWS

Gazman “ Pitit Sa Pa Pou Mwen “ | Rezilta Tès ADN nan Tonbe !

Published

on

Nan yon videyo li mete deyò, chantè Disip, la Gazman Pierre Couleur, prezante rezilta tès ADN anpil moun tap tann pou konnen si vrèman Junior Jean Baptiste se pitit, pitit vil Gonayiv la.

Chantè Dispi la ki te parèt soulaje, avèk souri sou vizaj, pale avèk anpil kalm e asirans sou dosye sansib sa ki te boulvèse anpil lavi li, fanmi li ak Biznis, dapre sa li di.

Apre yon mwa envestigasyon, rezilta tès la revele Junior Jean Baptiste pa pitit Gazman Couleur.

Pi lwen entèprèt “Bòpè Pa Papa a” fè konnen li se yon moun ki gen anpil prensip, li pa pran plezi nan fè vagabondaj jan anpil moun ta vle kwè sa.

Li kontinye pou l di li se yon chofè, yon kapitèn, yon pilòt kap mennen yon ekip, li gen responsablite pou veye sou ekip la, kidonk li pa ta ka nan fè sa ki pa sa. Yon fason pou l reponn tout moun ki t ap plede di vye paròl sou li yo, kòm kwa atis la ta yon vagabon.

Lid vokal Disip la pa kache di kòman nouvèl la te afekte ni li, ni fanmi li ak biznis li.Men li pat janm kwè nan sa ki t ap di yo, paske li pa janm kouri pou responsablite l, vin jwenn li se yon chantè ki toujou ap chante epi fè promosyon pou fanmi yo toujou rete soude epi gen inyon nan mitan yo pou byenèt ti moun yo.

Li repete “Mwen pa tap janm gen yon pitit pou m pa okipe l”. O kontre li kwè se yon kado Junior fè li, lè l chwazi di li se li ki papa l, paske l pa konn kisa ti jenòm nan ap vin ye nan sosyete a demen. Li di li ka toujou ba l akonpayman li.

Li fini l pou mande tout moun ak medya k ap fè sansasyon, sal imaj li nan fè sikile vye nouvèl sou li ak sou lòt moun pou yo sipann ak pratik sila kifè anpil tò nan sosyete a.

Nap raple se te nan mwa novanm 2022, Junior Jean Baptiste, yon adolesan ki gan 17 lane sou tèt li eki pa gen manman, te di nan yon videyo ki pat sipann vire sou rezo yo Gazman Couleur se papa l.Nouvèl sa te gentan fè yon bann pale anpil nan medya ak sou rezoyo, sa ki te pouse ekip Gazman Couleur a al fè tès ADN pou fè la vérité blayi sou dosye sa, epi fè tout moun k ap plede pale Atis la mal nan sans sa, femen bouch yo.

Finaleman rezilta tès la tonbe, Junior Jean Baptiste pa pitit Gazman Couleur vre, jan Atis la te toujou kwè sa.

Bélizaire Raphaël (Rafa)  | bélizaire30@yahoo.fr

 

Facebook Comments
Continue Reading
Translate »