Connect with us

MUSIC

Gabel lage senkyèm albòm li

Published

on

Senk (5) lane apre dènye albòm fòmasyon mizikal Gabel te soti, djaz la kontinye “kenbe yes” li e vin “beni” fanatik yo ak yon senkyèm albòm. Jan djaz la te anonse l la, lendi 14 fevriye 2022 a a minwi boul, mesye yo lage nouvo albòm yo ki pote non “Beni”. Yon albòm ki charye dèyè l anpil bon son ak plizyè kalite vwa.

Apre prezans Rutshelle sou “poko pare” ki te anonse albòm sila a, yon videyo mizik ki kontinye ap fè chimen l nan radio, sou rezo sosyal yo sitou sou tik tòk jouk kounye a, nou ka remake tou prezans Plizyè lòt atis tankou: Oswald, Kanis, Pierre Jean, Vag lavi, Roody Delpe, Black Makak, Master Brain…nan gwo benediksyon sa a djaz la pote a.

Anpil rezon pou djaz la santi l “Beni” : Kinz (15) lane depi yap kenbe nan endistri mizikal ayisyèn nan, kat (4) albòm deja e yon senkyèm ak 13 moso mizik e videyo pami yo rive nan yon moman ki trè difisil lè n gade tout sa kap pase nan mond lan e pa bò lakay pa nou sitou.

Nou swete “Beni” pran chimen siksè e raple tout fanatik djaz la ak tout fanatik konpa alawonnbadè pou yo konsome pwodui sila a yon fason pou yo beni djaz la jan yo kapab.
Gbsainthubin@gmail.com

Facebook Comments
Continue Reading
Translate »