Connect with us

NEWS

FLÈSH lage “Lanmou anba tab” feat Vanessa Desire

Published

on

FLÈSH se yon jenn Jaz ki pran nesans nan lakou Florida nan lane 2019, nan peryòd pandemi kowonaviris la.Nan menm ane a mesye yo gentan mete 2 mizik deyò “5 m 50” ak “Plan B” epi an 2020 yo sòti “Pa ale”. Pou ane 2023 yo mete yon 4e mizik deyò ki rele “Lanmou anba tab” ke Vanessa Désiré chante ak Cardial Saint-Fleur youn nan 2 chantè Dyaz la.

Kontrèman ak anpil lòt group nan HMI la ekip Flesh la vle aplike yon lòt filozofi.Yo vle fè bagay yo yon lòt jan.Yo pa konte antre nan lojik sòti albòm, menm jan anpil lòt group toujou fè l. Mesye yo fè chwa pou yo sòti pito yon mizik ak tout videyo chak 3 mwa. Men sa pral depann de kijan sa ki sòti avan yo mache.
Yo espere fòmil sa ap pote bon jan rezilta pou jazz la.

Pou kounye a estaf la ap prepare toune Jazz la pandan y ap kontinye mete fokis yo tou sou prodiksyon nan estidyo. FLÈSH la gen 2 chantè kise Cardial Saint-Fleur ak Ben Benel

“Lanmou anba tab” disponib an videyo sou YouTube ak tout lòt platfòm yo.Se Makendy Salnave ki konpoze li epi @Jay Keyz produi li.

Bélizaire Raphaël (Rafa)

 

FLESH - Lanmou Anba Tab feat. Vanessa Désiré " official Video "
Facebook Comments
Continue Reading
Translate »