KONPAEVENTSKONPAEVENTS
  • HOME
  • NEWS
  • INTERVIEWS
  • MUSIC VIDEOS
  • LIVE VIDEOS

Subscribe to Updates

Get the latest creative news from FooBar about art, design and business.

What's Hot

REGINALD CALVERT – M’PA DRA BLAN’W ” official video “

March 8, 2021

WID INTERVIEW ON KONPAEVENTS [ MARCH 1 ST 2021 ] 

March 3, 2021

WID VIDEO RELEASE & PRESS CONFERENCE [ FEV 28 – 2021 ]

March 1, 2021
What's Hot

18 AVRIL 2022, KLASS 10 LANE AKONPLI

April 19, 2022

ARLY LARIVIÈRE AK DJAZ LI NU LOOK KRAZE “OLYMPIA DE PARIS”

April 19, 2022

Opa Gala Awards Returns

April 18, 2022
Facebook Twitter Instagram
Facebook Twitter Instagram Vimeo
KONPAEVENTS KONPAEVENTS
Subscribe Login
  • HOME
  • NEWS
  • INTERVIEWS
  • MUSIC VIDEOS
  • LIVE VIDEOS
KONPAEVENTSKONPAEVENTS
Home » ESKE GEN AVNI POU BEBY JOE ANDAN MASS KONPA AK GRACIA DELVA
NEWS

ESKE GEN AVNI POU BEBY JOE ANDAN MASS KONPA AK GRACIA DELVA

konpaeventsBy konpaeventsJanuary 25, 2021No Comments4 Mins Read
Facebook Twitter Pinterest LinkedIn Tumblr WhatsApp VKontakte Email
Share
Facebook Twitter LinkedIn Pinterest Email

Endistri mizikal la souvan soufri de san nèf yo pa jwenn nan mitan gwo djaz yo men nan dènye jou sa yo gen yon van lespwa ki soufle pou jèn chantè yo ki tanmen fè pati gwo chabrak ki nan sektè a. Gen plizyè djaz ki kòmanse fè sa pami yo Ekip ki ap travay ak D Perfect e denye ka a se gwoup Mass Konpa ki vini ak Beby Joe sou gwo sèn mizikal la. 

Fénélus Fedlyns ki gen non atis li Beby Joe, yon non ki vini bo kote manman l (Beby) epi ti zanmi lekol li ki te konn relel Joe pou di li chante byen menm jan ak mesye Jonas brother’s yo yon seri yo t konn gade nan epòk sa. Beby Joe se yon gitaris, konpozitè epi chantè ki boure ak talan kap fè mizik kèk tan deja e kap kontinye chemen l kounya nan Mass Konpa bò kote lejann Gracia Delva.

Rankont li ak chantè Mass Konpa a te fèt kèk tan avan li entegre djaz la kote li te konn patisipe sou pwojè kanaval ak chantè nimewo 1 an e li te patisipe tou nan live ki te fèt 24 jiyè 2020 an. Se konsa Garcia ki te bezwen yon dezyèm chantè ta pral rele Beby Joe pou entegre djaz la. 

Sa te rive fèt 17 desanm 2020 an apre yon antant ki bon pou yo tou 2. Kèk mwa apre entegrasyon li nan Mass Konpa Beby Joe pa kache satisfaksyon li, li estime se yon gwo eksperyans pou li, se yon okazyon pou li pote koulè ak frechè jenès la nan djaz la epi pwofite eksperyans, matirite ak tout sa djaz la ka pote pou li.

Jèn chantè a di lap viv moman sa byen, li potko nan nivo li te vle ye a li tap travay toujou. Li pat twò yon mizisyen estidyo li te kòmanse karyè li kote li gen 2 bèl mizik ki se “bye bye” ak “pwomès” e li te abitye patisipe nan kanaval ak Mass Konpa e Roody Roodboy men maryaj li ak Mass Konpa se yon lot bagay paske sa tou nèf e li prè pou l aprann anpil de li. 

“Kanpe sou yon sèn pou w chante ak Gracia Delva ki se yon lejann ou tap swiv e ou te fanatik li se yon bagay ekstraòdinè” pou repete pawòl Beby Joe. Li kontinye pou l di se pou sa lap sezi opòtinite sa pou li aprann plis bagay toujou de eksperyans lejann nan gen sou sèn ak eksperyans li genyen antan ke moun ki nan biznis mizik la lontan. 

Pou kounya nouvo chantè Mass Konpa a deside pase tout tan li nan fè mizik yon mannyè pou li pote grenn sèl pa li bò kote Aya pou kontinye satisfè fanatik djaz la ak sila yo ki renmen bèl mizik. Daprè Beby Joe li kòmanse viv anpil bèl moman ak djaz la men premye prestasyon li a ap rete grave nan memwa li ak tounaj videyo “kounye a” dènye videyo mizik Mass Konpa a. 

Yon mizik ki satisfè atant fanatik yo jan djaz la abitye fè l deja. Beby Joe gen anpil pwojè pou gwoup la, daprè sa li di, men tou li gen pwojè ki pwòp a li menm ki pap deranje gwoup la nan anyen okontrè li jwenn yon sipò san parèy nan men Gracia Delva ki se met djaz la, sa li sitou apresye bò kote vedèt la.

“Travay, pèseverans ak pasyans se kle, pa janm dekouraje kenbe fokis la” se konsèy jèn chantè a bay ak tout talan ki ta renmen kontinye fè chimen yo tou. 

Anpil moun bat bravo lakontantman pou Mass Konpa yo estime ki fè yon bon chwa lè li deside bay jèn atis la opòtinite eksploze talan li pi plis toujou, yo wete chapo tou devan lòt djaz ki fè menm jan an e ankouraje rès yo swiv tras sa. Jèn ki gen talan yo merite sa e demen djaz yo merite sa tou.


Guirlande B St Hubin | gbsainthubin@gmail.com

Facebook Comments
Beby Joe Featured mass konpa
Share. Facebook Twitter Pinterest LinkedIn Tumblr WhatsApp Email
Previous ArticleNEW SONG : MAKIKI – OU GATE’M
Next Article FLAV ” MEN KIJAN DR LOVE SHOW A TE KONMANSE “
konpaevents
  • Website

Related Posts

18 AVRIL 2022, KLASS 10 LANE AKONPLI

April 19, 2022

ARLY LARIVIÈRE AK DJAZ LI NU LOOK KRAZE “OLYMPIA DE PARIS”

April 19, 2022

Opa Gala Awards Returns

April 18, 2022

DJUMAY PRAL TOUNEN AK TOUT FÒS LI NAN ENDISTRI MIZIKAL AYISYÈN NAN

April 12, 2022
Don't Miss
MUSIC

18 AVRIL 2022, KLASS 10 LANE AKONPLI

April 19, 20220 MUSIC

Lendi 18 avril 2022 a, dat pou dat, fè fòmasyon mizikal Klass 10 lane depi…

ARLY LARIVIÈRE AK DJAZ LI NU LOOK KRAZE “OLYMPIA DE PARIS”

April 19, 2022

Opa Gala Awards Returns

April 18, 2022

DJUMAY PRAL TOUNEN AK TOUT FÒS LI NAN ENDISTRI MIZIKAL AYISYÈN NAN

April 12, 2022
Stay In Touch
  • Facebook
  • Twitter
  • Pinterest
  • Instagram
  • YouTube
  • Vimeo
Our Picks

18 AVRIL 2022, KLASS 10 LANE AKONPLI

April 19, 2022

ARLY LARIVIÈRE AK DJAZ LI NU LOOK KRAZE “OLYMPIA DE PARIS”

April 19, 2022

Opa Gala Awards Returns

April 18, 2022

TOUNE DISIP AN AYITI

April 6, 2022

Subscribe to Updates

Get the latest creative news from SmartMag about art & design.

Our Picks

Remember! Bad Habits That Make a Big Impact on Your Lifestyle

January 13, 2021

The Right Morning Routine Can Keep You Energized & Happy

January 13, 2021

How to Make Perfume Last Longer Than Before

January 13, 2021

Stay off Social Media and Still Keep an Online Social Life

January 13, 2021
  • Facebook
  • Twitter
  • Pinterest
  • Instagram
  • YouTube
  • Vimeo
KONPAEVENTS
Facebook Twitter Instagram YouTube WhatsApp TikTok
  • HOME
  • NEWS
  • INTERVIEWS
  • MUSIC VIDEOS
  • LIVE VIDEOS
© 2022 KONPAEVENTS.

Type above and press Enter to search. Press Esc to cancel.

Sign In or Register

Welcome Back!

Login to your account below.

Lost password?