KONPAEVENTSKONPAEVENTS
  • HOME
  • NEWS
  • INTERVIEWS
  • MUSIC VIDEOS
  • LIVE VIDEOS

Subscribe to Updates

Get the latest creative news from FooBar about art, design and business.

What's Hot

REGINALD CALVERT – M’PA DRA BLAN’W ” official video “

March 8, 2021

WID INTERVIEW ON KONPAEVENTS [ MARCH 1 ST 2021 ] 

March 3, 2021

WID VIDEO RELEASE & PRESS CONFERENCE [ FEV 28 – 2021 ]

March 1, 2021
What's Hot

18 AVRIL 2022, KLASS 10 LANE AKONPLI

April 19, 2022

ARLY LARIVIÈRE AK DJAZ LI NU LOOK KRAZE “OLYMPIA DE PARIS”

April 19, 2022

Opa Gala Awards Returns

April 18, 2022
Facebook Twitter Instagram
Facebook Twitter Instagram Vimeo
KONPAEVENTS KONPAEVENTS
Subscribe Login
  • HOME
  • NEWS
  • INTERVIEWS
  • MUSIC VIDEOS
  • LIVE VIDEOS
KONPAEVENTSKONPAEVENTS
Home » ENPOSIB | Nouvo Fenomèn Mizik Ayisyèn nan !
NEWS

ENPOSIB | Nouvo Fenomèn Mizik Ayisyèn nan !

konpaeventsBy konpaeventsJanuary 18, 2021No Comments3 Mins Read
Facebook Twitter Pinterest LinkedIn Tumblr WhatsApp VKontakte Email
Share
Facebook Twitter LinkedIn Pinterest Email

Li enposib pou w ap pale de konpa nan jou sa yo pou w pa pale de “ENPOSIB”. ENPOSIB se yon gwoup mizikal, ki gen Medjy Toussaint kòm chantè nimewo 1, ki rive sou mache Ayisyen an depi plis pase 4 lane, kote yon ti tan apre yo ta pral soti premye albòm yo ki gen pou tit “CHAY”.

Malgre anpil bel konpozisyon ki gen sou albòm sa, gran piblik la pat vrèman wete chapo devan djaz la sòf sila yo ki gen nen yo pi fen nan konpa. Men nan dènye jou sa yo, ENPOSIB poze anprent li sou konpa a plis toujou avek dezyèm albòm ki soti 25 jiyè ki sot pase a. “Kamasootra” se non albòm sila. Yon tit ki vle di divès fason yon moun ka retwouvel nan chak grenn mizik ki sou albòm sa daprè Jn Marc ki se manadjè djaz la.

Soti 25 jiyè 2020, dat Kamasootra te sòti a, rive 8 janvye 2021 gwoup ENPOSIB reyalize 69 prestasyon ant kapital la ak vil pwovens yo. Se moman ki pi chofe nan karyè djaz la. Yon eksplwa ki fè kè tout fanatik gwoup la kontan men tou ki pote kè kase pou kèk nan yo ki panse djaz la ka frennen pi devan. “ENPOSIB fèk kare fleri nan jaden kilti Ayisyèn nan” selon sa Jn Marc fè nou kwè. Li kontinye pou di yo pral kote yo poko ale yo paske demand yo anpil, gen kote yo poko ale satisfè fanatik yo e gen kote menm si yo ta ale chak semèn moun yo pap sispann vin danse.

Yon fason pou manadjè a retire tout kè kase fanatik yo. Li tou pwofite pou l di ak tout moun ki panse djaz la pap byen jwe sitou ak manm laprès kiltirel la, yo pare pou korije e amelyore tout sa ki merite ranje men pèsòn pap ka jwenn okenn lot djaz anndan ENPOSIB. Sa a enposib. “Nou gen fason pa nou nan nivo pwodiksyon kidonk nou pa sanble ak pèsòn” toujou daprè Jn Marc.

Pou yon djaz fè siksè li dwe travay di e kenbe anpil disiplin. Se resèt sa gwoup ENPOSIB itilize. Se vre yo te konnen kek lot siksè men se albòm “Kamasootra” ki ba yo plis siksè toujou. Kidonk rezilta plis travay yo.

Malgre tout siksè sa djaz la ap konnen la, sa pa anpeche yo soufri kanmenm akoz kowona ki mete barikad li ant gwoup la ak fanatik ki nan dyaspora a. ENPOSIB mande fanatik sila yo pran pasyans pandan yap kontinye aplike jès baryè yo pou rete an sante, yon fason pou danse djaz la lè moman an favorab epi li tou anonse ak tout fanatik alawonnbadè gen anpil bagay dèyè tankou: plis pase 4 videyo nan kwizin e yo deja nan estidyo pou 3ème albòm nan.

Anpil sipriz ap vini, fanatik ENPOSIB preparew pou kontinye danse djazOu!


Guirlande B St Hubin | gbsainthubin@gmail.com

Facebook Comments
enposib Featured
Share. Facebook Twitter Pinterest LinkedIn Tumblr WhatsApp Email
Previous ArticleZAFEM – ALA DE KA ” NEW MUSIC “
Next Article BJ WEST DISIP NEW KEYBOARDIST INTERVIEW [ 15 JANVYE 2021 ]
konpaevents
  • Website

Related Posts

18 AVRIL 2022, KLASS 10 LANE AKONPLI

April 19, 2022

ARLY LARIVIÈRE AK DJAZ LI NU LOOK KRAZE “OLYMPIA DE PARIS”

April 19, 2022

Opa Gala Awards Returns

April 18, 2022

DJUMAY PRAL TOUNEN AK TOUT FÒS LI NAN ENDISTRI MIZIKAL AYISYÈN NAN

April 12, 2022
Don't Miss
MUSIC

18 AVRIL 2022, KLASS 10 LANE AKONPLI

April 19, 20220 MUSIC

Lendi 18 avril 2022 a, dat pou dat, fè fòmasyon mizikal Klass 10 lane depi…

ARLY LARIVIÈRE AK DJAZ LI NU LOOK KRAZE “OLYMPIA DE PARIS”

April 19, 2022

Opa Gala Awards Returns

April 18, 2022

DJUMAY PRAL TOUNEN AK TOUT FÒS LI NAN ENDISTRI MIZIKAL AYISYÈN NAN

April 12, 2022
Stay In Touch
  • Facebook
  • Twitter
  • Pinterest
  • Instagram
  • YouTube
  • Vimeo
Our Picks

18 AVRIL 2022, KLASS 10 LANE AKONPLI

April 19, 2022

ARLY LARIVIÈRE AK DJAZ LI NU LOOK KRAZE “OLYMPIA DE PARIS”

April 19, 2022

Opa Gala Awards Returns

April 18, 2022

TOUNE DISIP AN AYITI

April 6, 2022

Subscribe to Updates

Get the latest creative news from SmartMag about art & design.

Our Picks

Remember! Bad Habits That Make a Big Impact on Your Lifestyle

January 13, 2021

The Right Morning Routine Can Keep You Energized & Happy

January 13, 2021

How to Make Perfume Last Longer Than Before

January 13, 2021

Stay off Social Media and Still Keep an Online Social Life

January 13, 2021
  • Facebook
  • Twitter
  • Pinterest
  • Instagram
  • YouTube
  • Vimeo
KONPAEVENTS
Facebook Twitter Instagram YouTube WhatsApp TikTok
  • HOME
  • NEWS
  • INTERVIEWS
  • MUSIC VIDEOS
  • LIVE VIDEOS
© 2022 KONPAEVENTS.

Type above and press Enter to search. Press Esc to cancel.

Sign In or Register

Welcome Back!

Login to your account below.

Lost password?