Connect with us

NEWS

Ekip jwenn viza ameriken e albòm yo pral lage

Published

on

Ekip jwenn viza ameriken e albòm yo pral lage

Apre Shabba fin kite Djakout #1 li pa t pran twòp tan pou li te Kreye djaz pa l ki se Ekip ansanm ak Steve Khé epi T-Régi avan djaz la te vin gen plis mizisyen.

Malgre tout sitiyasyon difisil peyi nou konnen ki pa t pèmèt djaz la pran kap li jan sa ta dwe ye, sa pa t anpeche Shabba ak rès ekip la fè sa yo konn fè lè yo jwenn yon ti chans. Nou ka fè yo ti koudèy sou kèk ra pèfòmans yo fè deja. Pèsòn pa ka doute de talan chak grenn jwè nan ekip sa.

Fòmasyon mizikal sila ateri nan yon move moman se vre men sa pa t dekouraje yo nan misyon yo ki se fè mizik pou satisfè fanatik djaz la e fanatik konpa alawonnbadè.

Apre “Bingo” premye moso mizik djaz la, fanatik yo ki tap tann lontan gen dwa ak 2 lòt videyo mizik ki soti youn dèyè lòt: “ze fele/ D-Perfect” epi “Nou kit/ Steve Khé”, 2 mizik ki gentan ap fè chimen yo kòm sa dwa e daprè mesye yo albòm nan ki te dwe soti depi fen jiyè a ap finalman lage 14 septanm kap vini la.

Jan pawòl la di l la :<< pa gen travay san rekonpans>>. Ekip travay di pou li fè albòm li nan yon moman ki difisil anpil e se moman pou yo kòmanse jwenn rekonpans pa yo.

Yon kote, djaz la siyen ak Universal Music France ki se yon gwo antrepriz fransè kap evolye nan endistri mizikal la. Universal Music France ap gen pou okipe l nan zafè distribye mizik Ekip tout kote daprè sa Steve ak Shaba eksplike nan “sak cho” ayè samdi 28 dawout la: “ avantaj nap genyen, nap sou yon pakèt platfòm kap bon pou nou”. Antouka, se yon bòn nouvèl pou mizik ayisyèn nan. Plis platfòm, plis chans pou plis kote nan mond lan tande konpa.

Yon lòt kote, djaz la jwenn viza ameriken kap pèmèt yo delimite tèt yo e al delivre dirèk sou mache entènasyonal la. Sa se yon lòt gwo nouvèl pou Ekip ak fanatik yo sitou sila yo ki nan diaspora a.

Nou salye kouraj Shabba ak chak grenn jwè ki nan ekip la e di yo boul la nan pye yo fè gòl pou flote drapo nou pi wo nan mond lan. 


Gbsainthubin@gmail.com  | @guigui_landy

Facebook Comments
Continue Reading
Translate »