Connect with us

NEWS

Eddy François, Youn nan Lejand Mizik Rasin Ayisyèn nan

Published

on

Eddy François se yon ikòn, yon moniman, yon lejand nan mizik rasin Ayisyèn nan ki pase prezantasyon sou sèn mizikal la.Li très difisil pou yon moun ki renmen mizik rasin pa konn gro potorik gason sa ki sòti nan vil Okap e ki pral konstwi yon bèl karyè mizikal.

Eddy se yon gitaris, yon basis ki t ap al demare karyè li nan yon koral lakay li avan li entegre, nan lane 1988, “Superstar Music Machin” Ki t ap al konnen anpil siksè nan epòk la.Yon titan aprè, li t ap al kite group sa pou l ale nan “Boukman Eksperyans” e la atis la t ap al chante plizyè bèl mizik ki te konnen anpil siksè nan epòk la, pami yo “kè m pa sote”, ki sòti nan lane 1990 eki se youn nan pi gwo epi popilè mereng kanaval group rasin ki janm fèt.

Men, malerezman, yon titan aprè, ekip Boukman lan t ap al pouse do l mete l deyò nan group la. Sa ki t ap al fè l pran desizyon fonde pròp group pa l ki rele “Boukan Ginen”.

Nan lane 1992, yon magazin ameriken ki pote non “Rolling Stone” nonmen li “Meyè chantè nan karayib la”. Yon bagay ki pa rive souvan pou yon atis Ayisyen jwenn onè sa.

Nan lane 1994, li ranpòte “Prix Découverte RFI” avèk albòm li ki rele “Jou a Rive” pami patisipan yon santèn peyi Frankofòn.Gras ak pri sa, foto Eddy t ap al fè premye paj jounal ameriken “New-York Times”.Sa ki vle di anpil bagay.

Eddy se yon vrè pasyone mizik
Eddy se yon atis ki fèt ak tout mizik la nan san li. Li se yon semi otodikdak ki aprann jwe batri ak gita pou kont li.Men, se kouzen li, Toto Nesesite ki t ap al pèmèt li metrize gita pi byen.Dayè, li rakonte premye gita li se kòb machin yo te konn bali pou l al lekol li te sanble pou achte li. Li vin dekouvri epi renmen mizik rasin gras ak yon mesye ki te rele Zao ki t ap al fè l rankontre “Lòlò”, tout moun konnen, ki te mande l pou l vin jwe gita bas nan “Boukman Eksperyans” ki te nomine pou Grammy Ewards an 1992.

Eddy François fè anpil gro bagay ak Boukan Ginen. Apre anpil toune atis la fè ak group la nan anpil peyi AnnEwòp, Ann Afrik, Amerik ak anpil lòt kote ankò, patisipe nan anpil gro festival, li te jwenn envitasyon pou al jwe nan ouvèti koup dimond foutòl ki te fèt nan peyi Etazini nan lane 1994. Men youn nan pi gro evènman mizik li patisipe, dapre sa l di, se nan peyi Italie kote l te jwenn envitasyon pou l al jwe pou ouvèti chanpyona foutbòl peyi sa “Calcio” jan yo rele l la, apre yon konsè li te fin jwe nan vil la.Kounye a Boukan Ginen fè on ti kanpe akoz chak misisyen yo deside al fè lòt aktivite pa yo.

Nan kòmansman lane 2000 yo Eddy t ap al pran desizyon anbrase yon karyè solo.Nan peryòd sa atis la sòti 2 albòm ; “Ziga” nan lane 2004 ak “Djohu” Ki sòti an 2008.Li kolabore ak plizyè atis ayisyen ak entènasyonal tankou Coupe Cloué, Ti Manno, Masterdjy, Tinès Salvant, Mikaben, elatriye.
Tout rèv li se dekroche yon “Grammy Ewards” pou kourone karyè mizikal li.Toutfwa, li deplore le fè ke nou pa bay mizik rasin nan valè lakay nou alòske se li ki reprezante idantite nou sou sèn entènasyonal la.

Eddy François se yon misisyen konplè ki adopte rasin kòm estil mizik menm lè anpil moun nan sosyete Ayisyèn nan toujou gen prejije sou li.Atis la ap travay pou kounye a sou yon pwojè l ap gen pou l prezante bay piblik la trè byento.

Kèk nan bèl grenn mizik ki fè anpil siksè atis la chante : “Moutyowoulo”, “Sa Rèd”, “Kòman Nou Ye”, “Na Woule”, “Lakay”, “Kè m pa sote”, elatriye.

Bélizaire Raphaël (Rafa) | bélizaire30@yahoo.fr

Facebook Comments
Continue Reading
Translate »