KONPAEVENTSKONPAEVENTS
  • HOME
  • NEWS
  • INTERVIEWS
  • MUSIC VIDEOS
  • LIVE VIDEOS

Subscribe to Updates

Get the latest creative news from FooBar about art, design and business.

What's Hot

REGINALD CALVERT – M’PA DRA BLAN’W ” official video “

March 8, 2021

WID INTERVIEW ON KONPAEVENTS [ MARCH 1 ST 2021 ] 

March 3, 2021

WID VIDEO RELEASE & PRESS CONFERENCE [ FEV 28 – 2021 ]

March 1, 2021
What's Hot

18 AVRIL 2022, KLASS 10 LANE AKONPLI

April 19, 2022

ARLY LARIVIÈRE AK DJAZ LI NU LOOK KRAZE “OLYMPIA DE PARIS”

April 19, 2022

Opa Gala Awards Returns

April 18, 2022
Facebook Twitter Instagram
Facebook Twitter Instagram Vimeo
KONPAEVENTS KONPAEVENTS
Subscribe Login
  • HOME
  • NEWS
  • INTERVIEWS
  • MUSIC VIDEOS
  • LIVE VIDEOS
KONPAEVENTSKONPAEVENTS
Home » DJUMAY PRAL TOUNEN AK TOUT FÒS LI NAN ENDISTRI MIZIKAL AYISYÈN NAN
MUSIC

DJUMAY PRAL TOUNEN AK TOUT FÒS LI NAN ENDISTRI MIZIKAL AYISYÈN NAN

Tetgrenn LouisBy Tetgrenn LouisApril 12, 2022No Comments3 Mins Read
Facebook Twitter Pinterest LinkedIn Tumblr WhatsApp VKontakte Email
Share
Facebook Twitter LinkedIn Pinterest Email

Apre yon ti tan poz sou sèn mizikal la, Djumay ansyen chantè Back Up la deside tounen pou l vin kontinye fè sa li abitye fè, ki se mete plezi nan kè fanatik li yo ak bon jan mizik.

Mizik ak Djumay se Kòkòt ak Figawo. Lanmou sa a kòmanse depi tou piti nan legliz men talan sa a ta pral eklate plis toujou apre yon konkou Radyo Nasyonal Dayiti te òganize avèk animatè Alix Michel e jèn chantè a ta pral ranpòte premye pri a sou plis pase 50 lòt moun ak mizik Magnum Band ki gen tit “Ou Pi La” a. Depi lè sa a, Djumay ak mizik makònen ansanm.

Nan lane 2003, anpil nan nou vin jwenn chans dekouvri talan sila a lè l vin entegre fòmasyon mizikal Back Up. Djumay pase 3 lane ap byen depoze nan djaz la. Chantè a vin kite Ayiti pou l tabli kò l nan peyi la Frans kote li vin fè pati gwoup Steel Groove. Pandan 4 lane, Djumay anrejistre ak Steel Groove 2 albòm estidyo ak yon albòm kote w gen chans viv pèfòmans djaz la.

Apre tout eksperyans sa yo, chantè a vin deside fè pwòp djaz pa l ki se KDM. Djumay soti 2 albòm ak djaz li sou 4 lane. Se yon atis ki gen yon palmarès chaje kou Legba. Ou jwenn li ak plizyè gwo djaz ak atis tankou Tabou Combo, Fabrice Rousier, Kéké Bélizaire…e Djumay fè koral pou Nu Look nan “ Zénith de Paris”.

Anpil moun toujou kontakte Djumay pou l entegre djaz yo, daprè sa li di nou. Pami yo, gen mayestwo Ritchie ki te rele l pou Klass, Ralph Menelas pou 509 ak Tabou Combo. <<Mwen pa t entegre Klass paske nan moman an mwen tap viv an Frans, mwen potko ka vwayaje akoz dokiman administratif e sa tap pran yon ti tan finalman Klass te oblije lage>>. << Pou 509 mwen te ok pou dokiman men kondisyon yo pa t reyini nan koze estabilite ak finans estaf manajment 509 la>>. << Tabou Combo te kontakte m nan lane 2020, mwen fè 3 jou kanaval avèk yo Podpè nan lane 2021 an. Lè m rive New York, yo te deside pou m rete nan djaz la men mwen te trouve pèsòn pa ka ranplase Shoubou nan Tabou, se te yon lonè pou mwen te jwe ak Lejann sa yo. Aprè anpil konsèy ak analiz ,mwen fè chwa kreye yon nouvo pwojè ak lòt mizisyen>>, se konsa Djumay tap eksplike n divès kalite rezon ki lakòz li pa t entegre djaz sila yo.

Nouvo pwojè sila ap gen anpil gwo mizisyen nan endistri mizikal ayisyèn nan ladan l, daprè sa Djumay fè n kwè. Atant la pap dire twòp, 18 avril kap vini la a nap gen chans dekouvri plis bagay nan yon nòt pou laprès. Sa ki sèten, djaz la gentan prepare plizyè moso mizik ak videyo pou kòmansman mwa me a epi yon albòm pou mwa jen an, si pa gen okenn enkonvenyan.

Gbsainthubin@gmail.com

Facebook Comments
Featured
Share. Facebook Twitter Pinterest LinkedIn Tumblr WhatsApp Email
Previous ArticleTOUNE DISIP AN AYITI
Next Article Opa Gala Awards Returns
Tetgrenn Louis

Related Posts

18 AVRIL 2022, KLASS 10 LANE AKONPLI

April 19, 2022

ARLY LARIVIÈRE AK DJAZ LI NU LOOK KRAZE “OLYMPIA DE PARIS”

April 19, 2022

Opa Gala Awards Returns

April 18, 2022

TOUNE DISIP AN AYITI

April 6, 2022
Don't Miss
MUSIC

18 AVRIL 2022, KLASS 10 LANE AKONPLI

April 19, 20220 MUSIC

Lendi 18 avril 2022 a, dat pou dat, fè fòmasyon mizikal Klass 10 lane depi…

ARLY LARIVIÈRE AK DJAZ LI NU LOOK KRAZE “OLYMPIA DE PARIS”

April 19, 2022

Opa Gala Awards Returns

April 18, 2022

DJUMAY PRAL TOUNEN AK TOUT FÒS LI NAN ENDISTRI MIZIKAL AYISYÈN NAN

April 12, 2022
Stay In Touch
  • Facebook
  • Twitter
  • Pinterest
  • Instagram
  • YouTube
  • Vimeo
Our Picks

18 AVRIL 2022, KLASS 10 LANE AKONPLI

April 19, 2022

ARLY LARIVIÈRE AK DJAZ LI NU LOOK KRAZE “OLYMPIA DE PARIS”

April 19, 2022

Opa Gala Awards Returns

April 18, 2022

TOUNE DISIP AN AYITI

April 6, 2022

Subscribe to Updates

Get the latest creative news from SmartMag about art & design.

Our Picks

Remember! Bad Habits That Make a Big Impact on Your Lifestyle

January 13, 2021

The Right Morning Routine Can Keep You Energized & Happy

January 13, 2021

How to Make Perfume Last Longer Than Before

January 13, 2021

Stay off Social Media and Still Keep an Online Social Life

January 13, 2021
  • Facebook
  • Twitter
  • Pinterest
  • Instagram
  • YouTube
  • Vimeo
KONPAEVENTS
Facebook Twitter Instagram YouTube WhatsApp TikTok
  • HOME
  • NEWS
  • INTERVIEWS
  • MUSIC VIDEOS
  • LIVE VIDEOS
© 2022 KONPAEVENTS.

Type above and press Enter to search. Press Esc to cancel.

Sign In or Register

Welcome Back!

Login to your account below.

Lost password?