Connect with us

NEWS

Cruz La Mete Deyò yon Nouvo Albòm ki Pote non Karma

Published

on

“Karma”, se tit nouvo albòm jenn group konpa “Cruz La” ki tabli baz li nan Nouyòk mete deyò lendi 9 janvye 2023 a. Si albòm nan pran yon bon ti tan nan preparasyon eben li finalman sòti e li disponib an lign sou tout platfòm telechajeman yo.

“Karma” gen 14 mizik sou li pami yo “A Toi” ak “Kay Pou Nou” 2 mizik videyoklipe Ki te gentan sòti avan albòm nan epi gen “Dejwe” Ki apèn sòti ak tout videyo li.

“Karma” se 3e albòm Dyaz la apre “Ascension” ki te sòti an 2016 ak “Men Cruz La” premye albòm nan kite parèt nan lane 2012.

Pou kounye a ekip la ap prepare yo pou yo al kòmanse toune promosyonèl albòm nan apati mwa fevriye k ap vini la. Toune sila a ap menen yo plizyè kote nan Etazini anpatikilye nan Flodida ak Boston, nan Montréal ak Paris.
Toufwa Jsuave youn nan chantè Dyaz la, aprè Mompoint Delear a.k.a (MD), nou te pale ak li di n yo regrèt anpil yo p ap ka desann Ayiti nan kad toune promosyonèl sila a akòz jan sitiyasyon sekirite a ye nan peyi a. Yo konte mete plis fokis ann Eròp kote Dyaz la gentan gen yon bon valè fanatik.

Nan sa ki gen pou wè ak afich Dyaz la “Josué Baptiste (Jsuave) fè n konnen ekip manajment lan ap travay sou kalandriye a y ap gen pou mete deyò pa trò lontan, konsa piblik la ak fanatik yo ap konnen kilè ak ki kote y ap ka al danse Dyaz yo a.

Se sèlman Marterbrain kòm atis deyò ki kolabore ak yo sou albòm nan ki fèt anba Labèl CruzLa ke #MikeMike produi.

Pou kounye a albòm nan disponib sou tout platfòm telechajeman an lign yo.

Bélizaire Raphaël | bélizaire30@yahoo.fr

Cruz La - Dejwe (Official Music Video)
Facebook Comments
Continue Reading
Translate »