Connect with us

NEWS

Atak Frontal Maestro Ritchie sou Maestro Arly

Published

on

Maestro Ritchie reponn maestro Arly Larivière apre deklarasyon li te fè nan moman prestasyon dyaz la nan lakou Montréal.Nan bal sa, maestro Arly te deside atake ekip klass la, kote l te di, e n ap site : “Li wè ti mesye yo se jwèt timoun kindègadenn y ap. Yo menm, yo pa vin fè jwèt timoun, se konpa yo vin jwe”.

Nan moman dènye prestasyon Klass nan otèl La Renaissance nan Repiblik Dominikèn, nan okazyon fèt Sent Altagrasya a, dyaz la te lage Eya! Eya ! yon nouvo eslogan piblik la te renmen eki fè santi li pral mache anpil sou prochen albòm nan ki ta dwe sòti nan ane 2023. E se sa ki pouse Arly Larivière choute sou konpayèl li yo nan klass.Maestro Ritchie ki sanble pran mesaj la pou sa li vle di a, pa pran tan, nan yon atak frontal, pou reponn Arly Larivière vandredi 3 fevriye a, pandan yon prestasyon dyaz la.

Nan deklarasyon sa, Ritchie frape Arly Larivière byen fò. Li deklare non sèlman li pa vle fè polemik nan laj li ye a, men tou, li pa vle fè polemik ak Nu Look paske dyaz la gen yon pouvwa ke Klass pa genyen.
Maestro a pou eklèsi sa l vle di li ajoute gen de bagay Nu Look fè si Klass ta fè yo dyaz la ap tou kraze.Sil ta kenbe yon mizisyen nan dyaz la li souflete l, Klass ta p tou kraze.Si Klass ta monte Olympia al jwe ak 4 mizisyen nan dyaz la epi l kite 10 lòt dèyè Klass t ap tou kraze.Li fini pou l di Arly li renmen li, li respekte talan li men li mande maestro a pou l retire men l nan pòch li, paske li pa nan polemik ak pyès moun.Yon fason pou li di Arly Larivière al fè pwòpte lakay li, paske li chaje ak problèm.

Maestro Ritchie bay Arly frap sa yo apre Alix Nozil, ansyen tanbourinè Nu Look kite dyaz la apre 22 lane li pase ap kolabore ak maestro Arly Larivière, li di ki te mete men nan kòlèt li epi bal yon kalòt.Maestro Arly t ap al bay vèsyon pa l nan yon videyo sou bagay sa ki te pase depi byen lontan sa, dapre sa l te di. Yon lòt bò, nan dènye prestasyon Nu Look nan Paris Bercy nan mwa novanm 2022 an, Arly pat vwayaje ak tout mizisyen dyaz la akoz yo tout pat jwenn visa pou al jwe, sa kite oblije maestro Arly itilize sèvis lòt mizisyen pou konsè sa.

Eskè sa ap tou rete la, osinon li pral debouche sou yon polemik ant 2 dyaz yo ? Eskè sa pa vin redui chans ki te genyen pou nou ta rejwenn tou 2 dyaz sa yo sou yon menm sèn yon jou, depi apre dènye fasafas nan Amazoura a kote maestro Arly te kriye viktwa epi tou rele tèt li “King Arly” a ? N ap suiv !

Bélizaire Raphaël (Rafa)

 

Facebook Comments
Continue Reading
Translate »