Connect with us

NEWS

Anpil kritik sou lis nomine Delane Ticket Magazine ane sa

Published

on

Inisyativ Delane Ticket Magazine pran chak ane pou rekonpanse epi mete an valè pèsonalite piblik k ap fonksyone nan sektè kiltirèl la pa manke pa fè pale anpil ak machwè gonfle nan sektè a ane sa ankò.

Divès moun k ap suiv kritike ekip @Ticket Magazine lan pou jan yo defini kategori yo ak fason yo bay moun yo chwazi yo pri yo.

Si gen anpil nan pèsonalite yo rekonpanse yo ki merite sa, pou anpil lòt, yo estime gen anpil lejète ak mounpayis nan chwa yo.

Men youn nan kategori ki jwenn plis kritik ane sa se “Tragédie de l’année” yo bay lanmò atis @Mikanben ki te mouri sanzatann, nou tout sonje sa, nan Accor Aréna, nan vil Pari, kapital peyi Lafrans, nan moman l t ap patisipe nan gwo konsè reyinyon group CaRiMi tap fè a.

Anpil moun tout kote sou entenèt la tankou nan radyo di yo endinye anpil wè ekip Ticket Magazine lan pa pran lanmò Atis la pou anyen lè yo chwazi mete l nan yon kategori konsa. Sa ki pouse madan defen an @Vanessa Fanfan reyaji pou l di sou paj fesbouk li e n ap site : ” Medya ayisyen yo p ap janm sispann etone m. Mika te e toujou se yon senbòl lapè, yon imanitè egzanplè, yon travayè di. Yon jeni mizik, yon modèl.Atis ki pi prolifik ki janm sòti ann Ayiti… Poutan, nan tout reyalizasyon li yo, se pou sa ( pou lanmò li, nòt redaksyon an) ou selebre li. Sa a tou degoutan e menm mechan.Nenpòt fason, bòn ane TicketMaghaïti”, li fini la.

Gen anpil lòt obsèvatè ki di yo pa konprann sou ki baz yo chwazi nonmen tèl pèsonalite pa rapò ak tèl lòt pèsonalite, yon group pa rapò ak yon lòt groupe.Oubyen tou poukisa gen kategori yo pa mete tankou animatè radyo ak prezantatè tele, poutan plen moun nan kategori sa a kap travay chak jou.

Nan plizyè Spaces ki fèt sou rezo soyal Twitter nan jou sa yo, se plis de sa yo pale e patisipan yo di yo p apa bay twòp enpòtans ak sa Ticket Magazine fè a.Anpil nan yo menm kalifye sa de “maskarad” e yo di se paske Ticket Magazine pa gen lòt moun anfas li kap fè menm bagay la kifè li ka deside, san l pa konsidere travay ak efò anpil lòt moun ap fè nan divès kategori épi l pa bay okenn detay sou ki kritè li fè chwa li yo.

Yon lòt kote atis ak pèsonalite ki nomine yo, menm lè pa gen yon pri y ap jwenn vre kòm rekonpans, yo konsidere lefè ke yo pami moun ki nomine yo tankou yon gro bagay kap pèmet yo pale de yo pandan ane a, sa k ap fè kè fanatik yo kontan yo anpil.

Bélizaire Raphaël (Rafa)  | bélizaire30@yahoo.fr

 

Facebook Comments
Continue Reading
Translate »