Connect with us

NEWS

An n eseye sove vizaj endistri mizikal la : Pouchon vs Shabba !

Published

on

An n eseye sove vizaj endistri mizikal la

Depi kèk jou fanatic mizik yo ka konstate ti bouch louvri ki leve ant kèk mizisyen Djakout ak Shabba ki se mizisyen Ekip kounye a. Yon pale ki te kòmanse depi apre Shabba te fin kite Djakout men ki ta sanble ap kontinye toujou malerezman.

Separasyon Shabba ak djakout #1 se yon separasyon ki pote anpil move gou nan bouch fanatik e ou pa bezwen linèt pou w wè se yon separasyon ki pa fèt nan bon tèm paske pawòl ta pral kòmanse repete nan tou 2 bò yo. Apre Shabba te fin kite Djakout li te deklare, nan “chokarela” yon emisyon Carel Pèdre konn prezante, li kite pou move tretman li te konn sibi nan djaz la. Kèk tan apre, Shabba ta pral di a klè li kite Djakout pou Rolls Lainé (Roro) ak Auguste Duverger (Pouchon).

Shabba admèt sa li ye jodi a Djakout kontribye anpil ladan men konsa tou li te reprezante anpil pou Djakout nan sa li te konn fè anndan djaz la tankou: chante, konpoze, bat tanbou, animasyon li konn kreye sitou nan kanaval e koze negosyasyon ak esponsò yo. Apre live “Ekip” te fè a Roro bò kote pa li deklare sou “Konpa magazine” “Ekip pa yon djaz men pito yon pwojè” paske Ekip potko pwodui anyen. Yon deklarasyon chak moun ta pral bay siyifikasyon pa yo. Pouchon se yon moun ki pa souvan pale te rive fè entèvansyon pa l tou sa ki te choke Shabba ak anpil moun.

 Nan dènye jou sa yo, yon lòt pale anpil ta pral refè sifas apre deklarasyon chantè prensipal Djakout #1 lan ta pral fè nan yon emisyon ak Marco Antidote. Pouchon demanti Shabba apre Marco te di l Shabba te nan Djakout gras ak Claude Marcelin epi Patrick Millet daprè sa Shabba te di nan emisyon an deja. Pouchon fè kwè se li ki te kenbe men Shabba mennen l nan Djakout paske pèsòn pat konnen l e yo pat menm aksepte l. Pouchon kontinye pou l di li pat egoyis li te wè fòs Shabba li te kite li fè sa li ka fè a men Shabba pa ni chantè ni konpozitè. 

Apre tout pale anpil sa yo kesyon nou dwe poze: ESKE BIZNIS MIZIK LA BEZWEN SA KAP FÈT LAN LA? 

Daprè Philippe Saint-Louis prezantatè Alternative nan RTVC, youn nan pi gwo kritik mizikal nou genyen, li estime sa tris e ridikil an menm tan nan moman difisil sa pou mesye yo ap pwojte vye imaj divizyon sa, li panse gen yon lòt siyal pou yo ta voye nan peryòd kriz lemonn ap travèse espesyalman Ayiti. Li fini pou l di gen egzanp se bò kote mesye yo pou sa ta soti kòm moun piblik ki gen aksè pou pote limyè. 

Bò kote pa l Jean Mary Simon, youn nan pi gwo operatè kiltirel ki genyen, yon moun ki gen anpil kapasite nan koze analiz, nan JMS live show ta pral atire atansyon mesye yo pou di yo “apre plis pase 20 lane kolaborasyon li pa fè sans pou youn ap blaze lot nan nivo sa. Se yon move siyal pou nouvo kolaboratè Pouchon ak Roro nan Djakout #1 e se yon move siyal tou pou nouvo kolaboratè Shabba yo nan “Ekip”. 

Endistri mizik la gen ase pwoblèm pou li ta rezoud, li pa fè okenn sans pou nou ap voye vye imaj sa yo. Nou chak fè wout pa nou alòs kontinye travay pou voye mizik Ayisyèn nan pi wo, sektè kiltirèl la merite plis ke sa. 

Lot kesyon anpil moun ap poze se konnen kisa avni polemik Djakout Tvice la pral ye lè nou konsidere Ekip ak Djakout deja twò okipe pou ap atake yonn lòt pou yo ta gen tan al relanse yon polemik ki te komanse pedi entere deja. 


Guirlande B St Hubin | gbsainthubin@gmail.com

Facebook Comments
Continue Reading
Translate »