Connect with us

NEWS

ALAN CAVE WA KONPA LANMOU A !

Published

on

Se pa pou dat fanatik Alan Cavé yo tap tann, malgre te gen anpil bèl imaj, bèl pawòl ak bèl melodi pou yo te kontinye satisfè zye ak zòrèy yo pandan yap tann nan sa pat anpeche yo soufri de ti tan absans la. Nou pa ka di absan nan mizik paske atis la pat sispann travay e li pwouve sa ak dènye mizik li soti nan lane 2020 an ki gen pou tit “Fòk”. Yon mizik ki fè w wè a klè atis la pa pèdi anyen nan dousè vwa li ak nan kalite tèks li yo kidonk li pap sispann chame fanatik li yo sitou medam yo.

Se vre fanatik li yo pa jwenn li sou sèn mizikal ayisyen an men Alan kontinye jwe kèk lòt kote andeyò peyi a. Atis la souvan jwe nan kèk sware prive tankou maryaj, zouk ak konpa night. Akoz kowona a atis la te jwe mwens men pou kounya li jwe nan kèk Eta ki kòmanse louvri tankou Miami ak Atlanta.

Depi plis pase 6 lane Alan sitou travay ak Chef Loncher e se ak li tou atis la jwe nan prestasyon layv yo. Chef Loncher se yon jèn ki chaje talan, li se pwodiktè epi li se enjenyè son tou daprè sa Alan rapòte nou. Men sa pa anpeche vedèt la jwe ak batri, kibòd, gita preske tankou fòmil 5lan si kliyan an mande sa e si bidjè a koresponn ak sa.

Tout moun konnen depi w di “Alan Cavé” ou wè lanmou. Dousè vwa li, bèl pwezi nan tèks li yo se kèk bagay ki ka montre w sa. Rezon an senp :<<mwen se yon èt lanmou, mwen leve lakay mwen nan lanmou, ni bò kote manman m ni bò kote papa m. Yo anrasinen lanmou ak lespri pataj nan mwen kidonk se la map rete, nan pye lanmou>> . Pawòl lejann lan. 

Alan enspire mizik li yo nan sa li viv tout bon, konsa tou gen istwa ki konn jis monte nan tèt li apre tou chantè a soti nan yon fanmi atis. <<Mwen se pitit Syto ak Yanick Cavé ki se 2 kokenn chenn powèt menm entènasyonal la rekònèt. Gras ak yo mwen leve nan pwezi e se yon bagay ki kòmanse depi sou papa grann mwen ki te rele Timothée Paret yon gran powèt nan vil Jeremi anpil moun te konnen>>. Se konsa Alan tap rakonte nou ak fyète sekrè enspirasyon l menm si li panse siksè li depann pito de senplisite melodi l yo ak jan li pran swen tèks li yo dayè yo souvan repwoche l paske li toujou vle manyen pèfeksyon se pou sa li pito mize nan wout pou l pote bon nouvèl daprè sa li di.

Alan sèten lap kontinye wout la an solo menm si li pa ekate posiblite “Zin” an si gen demann pou sa. <<Zin se dezyèm fanmim>> deklarasyon chantè a. Alòs medam ki te pou Zin yo gen espwa toujou. 

Alan di se sitou kowona a ki lakòz fanatik yo pa wè l nan peyi a nan lane ki sot pase a. Kowona a afekte lejann lan menm jan ak tout moun men li te pwofite de moman sa pou li plis reflechi ak vi a. <<kowona fè m wè jan moun pa anyen vrèman epi nap konplike lavi konsa. Li fè mwen wè enpòtans fanmi ak bon zanmi apre tout rès yo se vanite>>.

Alan pwofite de echanj sa pou li pale jèn atis yo de kijan endistri a ye. << se pou jèn mizisyen yo mete devwa yo o pwòp sa vle di pare foto, mizik, videyo, dekoupe jounal tout sa ki pale de yo (sa rele pòtfolyo). Fòk yo sonje endistri mizikal la pa gen pwomotè ak pwodiktè ni menm yon ajan ki pou reprezante yo. Se yo menm ki pou kreye pwòp koulwa pa yo, si yo ta vle reyisi nan biznis sa a. Talan pa vle di reyisit, fòk yo travay ak anpil kouraj e fyète. Biznis la gen anpil kòb men se lè w abòde l byen wap konprann li>>.

Pandan Alan Cavé ap kontinye pwomote mizik “Fòk” la paske kowona te anpeche sa fèt jan sa ta dwe ye, li aprann nou tou lap travay anpil sou kèk moso mizik nan moman sa yon mannyè pou li pote nouvo pwodui pou fanatik li yo pou ete 2021 kanmenm si pa gen kontraryete.


Guirlande B. St Hubin | @guigui_landy

Facebook Comments
Continue Reading
Translate »