Connect with us

NEWS

Abed Nego se Nouvo Chantè Klasik

Published

on

Nan yon nòt yo mete deyò e kap sikile sou rezo sosyal yo, estaf kap mennen bak group la anonse ofisyèlman yo entegre “Abed Nego Clerger ” tout moun konnen sou non “Nego Always ” kòm nouvo chantè Jazz la bò kote lòt chantè a kise “Bobsam Touttan”.

Prezans “Abèd Négo” nan jazz la antre nan kad chanjman ekip la te deside opere pandan ane 2022 a, yon fason pou yo ka pote plis satisfaksyon nan kè fanatik yo.

Yo raple nan nòt la nouvo chantè a te deja kolabore ak plizyè lòt Jaz ak atis nan HMI la tankou : Tabou Combo, Bèl Plezi ak Alan Cave.Li te gentan menm fòme pròp group pa l ki te rele L’AS.

Estaf la, toujou nan nòt la, pa kache kè kontan yo apre entegrasyon nouvo chantè a nan jazz la.Yo di pa ka tann pou yo kòmanse travay ak atis la.Nan sans sa, yo mande fanatik yo pou yo kontinye sipote epi kwè nan Jaz yo kap travay pou pote bagay nèf pou yo.

Bélizaire Raphaël (Rafa)  | bélizaire30@yahoo.com

Facebook Comments
Continue Reading
Translate »