Connect with us

NEWS

2 Sware Disip te Anile pou Wikenn Pase a Ayiti | Men Poukisa

Published

on

Nan kad komemorasyon jounen mondyal Ladwàn, nan peyi DAyiti, direksyon jeneral Ladwàn te prevwa òganize, samdi 28 janvye a, yon sware gala nan otèl El Rancho, nan Petyonvil, pou make dat sa. Se group Disip ak Kreyol La ki te programe pou anime sware a.

Tout bagay te sanse pare pou demare aktivite sila. Piblik la ki te kòmanse reyini angran nonb ak tou 2 group yo te gentan sou plas.Men, dapre sa yon sous kite prezan, KonpaEvents ka fè Konfyans, Premye minis Aryel Henri ta rele Direktè dwàn lan pou mande l anile sware a.Toujou dapre menm sous la, se ta sitiyasyon malouk peyi a ap viv dènye jou sa yo sitou apre nèg ak zam te touye anviwon 8 polisye nan moman lapolis t ap mennen operasyon nan Petyonvil ak nan Lyankou nan depatman Latibonit, semèn ki sòt pase a, ki ta pouse yo pran desizyon anile bal la.Se ta tou yon fason pou pote solidarite ak senpati bay fanmi polisye ki viktim yo.

TJoe Zenny ak Gazman Couleur te vle jwe kan menm, men apre diskisyon epi eksplikasyon responsab Ladwàn yo ba yo, yo te fini pa Konprann e aksepte desizyon an.

Yon lòt bò, yon lòt sware Disip te sipoze anime aswè dimanch 29 janvye 2023 a, anile tou.Bal sa anile apre chèf group Vilaj Dedye a “Izo 5 segond”, nan yon videyo kote li parèt e k ap sikile sou rezo sosyo yo, montre yon tikè pou bal sa kote l di : “Aswè a mwen pra l fè koze nan Marriott”. Òganizatè sware a ki pa ta renmen bagay yo pase mal, nan sans sa, ta deside, poutèt sa, anile bal sa tou pou evite deblozay ak derapaj.

Gazman Couleur ak tout rès group la ta dwe retounen Ozetazini lendi 30 janvye 2023 a.

Bélizaire Raphaël (Rafa)

Facebook Comments
Continue Reading
Translate »