Connect with us

MUSIC

18 AVRIL 2022, KLASS 10 LANE AKONPLI

Published

on

Lendi 18 avril 2022 a, dat pou dat, fè fòmasyon mizikal Klass 10 lane depi li ateri nan endistri mizikal ayisyèn nan.
Depi fòmasyon mizikal Klass rive nan biznis mizik la pèsòn pa ka plenyen de kalite travay djaz la ap fè nan konpa a. Nou ka di djaz sila a fèt tou granmoun. Yon gwoup ki sèvi kòm modèl pou jèn fòmasyon ki la yo ak sa ki gen pou vini demen .
Kreyasyon djaz sila a pa yon aza, daprè mayestwo Ritchie tout moun ki tap vin nan djaz la te gentan chaje ak eksperyans, yo te fè pati pa yo a deja kidonk, yo te ka chwazi kanpe la men kontinye sou chimen an nan vini ak Klass se te pou pote sa ki te manke nan biznis la e fè yon bagay pou ayisyen fyè pale de li. Jodi a, pale de fòmasyon mizikal nan biznis sa a san pale de Klass difisil anpil pou n pa di enposib, sa vle di a klè pwojè a ateri.
Klass sèvi de eksperyans mizisyen l ak lòt moun tou yon fason pou yo te korije kaye yo, se pou sa djaz la te vini ak eslogan l ki se “ bagay nèf” ,toujou daprè mayestwo a. Sa ki vle di: prensip, disiplin, djaz pwòp se chwal batay Klass.
Kenbe pou 10 lane nan endistri a pa fasil. Poutan, Klass pa sèlman kenbe men li reyalize anpil bèl bagay nan biznis la menm si se pa tout sa djaz la ta vle fè ki fèt deja, rete anpil toujou si n vle repete apre mayestwo a.
Mayestwo Ritchie pa konte kanpe la ak Klass, rèv yo anpil e yonn ladan yo se travèse lòt mache ak konpa a. Li difisil se vre men l pa enposib si n kwè pwofesè a.
Klass rankontre anpil difikilte sou chimen l menm jan ak anpil lòt djaz men 3 albòm nan 10 lane e yon katriyèm nan wout menm si n egzijan nou pa ka twò plenyen sitou lè n konnen jan kowonaviris te deside mete yon fren sou tout bagay nan lemonn san avètisman.
10 lane bèl bagay, bon konpa, disiplin, frechè malgre tout difikilte se 10 lane siksè pou Klass ak pou konpa a. Nap swete plis siksè ak djaz la e nou swete tou pou plizyè lòt 10 lane vini pou konpa a jwenn chans rive pi lwen jan Klass ap reve l la.
Gbsainthubin@gmail.com

Facebook Comments
Continue Reading
Translate »