News
Zenglen Anonse 2 Nouvo Mizik Avèk Frero Kòm Chantè
Nan yon nòt ki pibliye nan lannwit 24 fevriye 2026 la, gwoup Zenglen anonse aparisyon 2 nouvo mizik. Se Frero Jean Baptist ki chante mizik sa yo.
Selon sa fòmasyon mizikal la rann piblik, mizik sa yo « pote son konpa inik fanatik yo renmen an, ak yon enèji fee ansanm ak gwo vayb pozitif ».
2 mizik yo titre « Ouvè peyi a » epi « Gade madanm ou ». Y ap disponib sou tout platfòm yo apati 25 fevriye 2026 la depi l fè midi boul.
Zenglen envite tout fanatik al koute mizik yo, pataje yo epi viv Vayb li pote a.
Jephte Estiverne
You must be logged in to post a comment Login