Connect with us

News

Yon Lot 2M Views Pou Kenny Haiti avèk Lanmou Pa Pou Mwen !

Published

on

Yon Lot 2M Views Pou Kenny Haiti avèk  Lanmou Pa Pou Mwen ! 

Kenny Haiti, youn nan atis ayisyen ki plis make sektè varyete a, remèsye fanatik li yo paske yo pèmèt videyo « Lanmou pa pou mwen » an atenn 2 milyon « views » sou YouTube.

Se dènye mizik videyo li soti, li wè jou 9 desanm 2025 lan. Ladan li, chantè a mete l nan po yon moun ki tèlman konnen soufrans nan lanmou li deside mete sa sou kote. Yon mizik ki mare ak emosyon, sa ki pèmèt li jwenn kè konsomatè yo pi fasil.

Mizik sa, se Obed Louis ki pwodwi l avèk patisipasyon Magic Touch pou miksaj ak mastering. Nachou Brice ak Jude Deslouches jwe enstriman sou li pandan Steve Zanotti patisipe nan ekriti mizik sa.

Genyen tou Bobby Design ki aside pwodiksyon an prezantasyon grafik la alòske reyalizasyon videyo a se travay Smith Etienne. 

Jephte Estiverne

Continue Reading
Click to comment

You must be logged in to post a comment Login

Leave a Reply

Konpaevents 2025

FREE
VIEW