Connect with us

News

Wilson Pierre soti « Wozo », Yon Albòm ki Marye Konpa ak Jazz

Published

on

Nan okazyon anivèsè l ane sa, Wilson Pierre devwale yon nouvo albòm ki titre « Wozo ». Apati 19 fevriye 2026 la, albòm sa disponib sou tout platfòm yo.

Wozo se yon melanj ant konpa ak jazz. Se ekspresyon mizik ayisyen an pandan n ap jwenn gita modèn, son tradisyonèl ak lòt inovasyon. 

Pwojè sa reflete fyète kiltirèl, sofistikasyon mizikal ak siyati estil gita Wilson Pierre la menm. Ladan li, rit konpa mache kontre amoni jazz la. Yon eksperyans ki onore eritaj pandan l anbrase inovasyon.

Ant konpozisyon ekselans, etid mizikal ak idantite kiltirèl, albòm Wozo a wè jou. Li soti anba labèl Wilson Musicperfection.

Wozo by Wilson Pierre https://music.apple.com/us/album/wozo/1877970844

Jephte Estiverne

Continue Reading
Click to comment

You must be logged in to post a comment Login

Leave a Reply

Konpaevents 2025

FREE
VIEW