Connect with us

MUSIC

Vin nou pale de “Infinity”, dènye albòm Gabel la

Published

on

Mizik la rete meyè veyikil vivan yo kapab itilize san lenkyetid pou al vizite lòt mond, lòt vi, lot kè ak lòt nanm. Dèfwa tou, se mond pa nou, vi pa nou, kè pa nou ak nanm pa nou li penmèt nou dekouvri. Li ede nou fè entwospeksyon epi akouche pwofon rezònman sou mounite nou. Albòm Gabèl la, Infinity, vini tankou yon mond. Yon mond oswa yon konstriksyon ki penmèt nou gade lavi sou plizyè dimansyon tankou jwisans, sètitid, gratitid, foli, atachman, kè kontan ak respè. Infinity, se petèt yon senbòl matirite pou pwouve 17 lane pa 17 jou. Yon triyo lidèchip ant Flav, Ti Pachou ak Katalòg, pou anfante yon bijou. Nou pran tan nou pou tande albòm lan. Plis pase 5 fwa. Gen mizik nou tande plis pase 10 fwa. Nou fredone, nou chante, nou danse.  Nou di mèsi lavi.

Jou lendi 7 jiyè a, nan minui, mesye Gabel yo pibliye sou tout platfòm estriming yo, Infinity. Plak sila genyen 13 mòso mizik sou li e nou ka site : Moun dous ; Kle paradi feat Vanessa Desiré ; Selibatè ; Dieu seul me voit ; Ayisyen poun ta ye feat Roberto / Shabba ; Chwa ; Gwo lo feat Saskya ; Let me feat mellinsings ;   Demisyon feat Cubano ; Infinity ; Revanj ; Hello ; We wa wèm feat Steves J. Bryan.

Chwa envitasyon atis envite yo petèt trè eksplisit. Gen chwa ki fèt se petèt pou mete vayb, gen chwa se pou kreye fokis epi gen chwa se pou bay lomeyans ak ansyèn jenerasyon an. Ou menm, lè w fin tande albòm lan, w a va kategorize chwa yo pou kont ou. Sinon, nou ka fokis sou chwa Cubano a sou mizik “Demisyon”. Mizik sila gen renk sant Skah Shah nan kòmansman an. S on van mayestro Loubert Chancy a k ap pase men sou paten mizik la san goumen. Gen anpil travay ki fèt pou modènize estil Skah Sha a tankou s on pyano a ak demach gita a. Men batri a trayi pwodiktè. Sa pa fouti pa ansyèn jenerasyon. Men, gen plis analiz ki ka fèt toujou. Riko Riko. Gen bagay !

 

Chak mizik eksprime yon listwa. Chak istwa yo inovan nan sans, se pa listwa nou tande deja. Mizik ki akonpanye listwa yo vini ak senbòl ki reprezante pa tonalite, melodi ak senfoni. Pa egzanp, an nou gade :

  • “Moun dous”, T-Joe di depi l kout li fout dous, Flav li menm li di, Yo pa kite moun ki dous. De mizik sa yo se de pyès enpòtan pou salouwe fanm dous. Si nou vle, nou ka ajoute « Dlo dous » ki s on enonsyasyon powetik fanm dous tou.
  • « Kle paradi », ki reprezante yon atachman wonnpòte. Si pwezi se sipriz ebyen mizik sa g on demach powetik anraje. Santiman ki ap deplwaye a tèlman fò, li sifi pou kreye etònman ak chòk. “Ou sèlman ri avè m, m santi yon pòt louvri, lè m gade nan je w, Gade fon kè ou, m santi ou vin repare lavi m, re atire souri m.” “Kle parade a, m anvi rebatize w ak yon nouvo non”. Pou mwen menm, katalòg poko janm chante yon mizik pi byen pase mizik sa a. Vanessa asire trè byen. Gen yon bèl konplisite nan mizik la ant atis yo ak pwodiktè a. Gen mo ki itilize ki refere nou ak pawoli ayisyen. Yon mo tankou boulgrès ki siyifi sa afriken ak franse yo konn di « Best life / Bonè ». « M ap sispann pwomennen, mwen jwenn boul grès mwen / M ap sispann pwomennen, m ap chèche bonè mwen jwenn paradi ».
  • « Revanj » nan yon demach entètekstyalite ka mache sou menm playlist ak mizik “Ou genyen deja » sou albòm Harmonik lan. S on senbòl sajès, se diferan ak mizik DDN Klass la. S on pwopozisyon pou lapè epi gerizon. S on demach moun ki pa toksik. Gen gason fanm kite, yo mache pèsekite fanm yo toupatou yo fè. Jis pou tire revanj yo. Yon listwa ki reyisi trè byen epi ki pa kraze senfoni mizik la.
  • “Ayisyen poun ta ye”, lè w tande koze sa, ou g on bagay ki vini nan lespri w. Se yon figi estil yo rele antifraz. Lè w di yon mo oswa yon gwoup mo nan yon sans ki kontrè ak veritab sans li. Mizik sa genyen Roberto ak Shabba sou li. Kisa sa evoke lakay ou lè w tande Roberto k ap di « Taye, Taye, Taye, Ayisyen pou n ta ye » ? M ap mande m èske figi ki akonpanye demach la pa anpeche nou viv vrè lide mizik la ki ap pale de rezilyans nou antanke Ayisyen. Kijan nou s on pèp ki fò. Nan pasaj Shabba a, li pote gwo lomeyans pou atis fanm ayisyèn yo. Demach sa a ranfòse estil antifraz la, sa ranfòse an menm tan tou lide sou kapasite, bote ak kouraj fanm ayisyèn yo. « Mwen konn tande y ap pale de Rihana, Vanessa pou n Taye ».
  • « Selibatè », mizik sila s on avantaj pou moun k ap plenyen sou estati whatsapp pou chèche menaj, lollllll. Mizik sa fè sans ak tout eslogan k ap fè lari a tankou « Mwen bezwen yon menaj », « Lavi selibatè pa dous », « Fouye pye nan yon relasyon », elatriye. Atis la di, ane sa a, le ou la fason, fòm jwenn menaj la. Bèl mizik. Bon konpa. Tanbou a pale byen.

Apresa, si nou vrèman bezwen rekonèt yon Flav ekselan, al tande entèpretasyon sa a « Let me » feat Mellinsings. Flav bay yon pèfòmans majik nan mizik sila. Mizik sa pa gen anyen pou li anvye yon bèl mizik. Li gen tout engredyan nesesè pou l bèl e mizik sa se sa met li panse l ye a. « Eske w ap kite m rantre nan pati kache a », a kisa w panse ?

Gen plizyè lòt bèl mizik pou nou enjoy sou albòm lan. Gen bon bout konpa dirèk. Avan li te difisil nan plak la pou m fè yon lis. Gen mizik pou n voye bay boubout nou. Tankou « Gwo lo », mizik sa ka pale nan plas nou. “Renmen pa yon defi ankò, nou fenk kare bat rekò”.

Lè nou konsidere demach mesye yo anplwaye pou sesleksyone 13 mizik y ap pibliye yo sou yon total 18. Kote yo adrese jounalis, atis ak melomàn pou tande epi chwazi sa ki mache nan san yo plis. Nou dakò sou sa, Gabel te toujou jwenn sekrè pou touche pwen sansib fanatik li yo. Nou swete albòm « Infinity » a fè chimen li epi pote anpil gwo retonbe pou mesye yo.

 

 

Continue Reading
Click to comment

You must be logged in to post a comment Login

Leave a Reply

Konpaevents 2025

FREE
VIEW