News
Pèfòmans Layv Harmonik nan Le Manguier Disponib sou Platfòm yo
Pèfòmans Layv Harmonik nan Le Manguier Disponib sou Platfòm yo
Fòmasyon mizikal Harmonik la mete disponib sou tout platfòm ekout yo, 24 janvye a, pèfòmans an layv li te fè nan peyi dayiti, nan vil Ench. Gwoup la t ap pèfòme nan Le Manguier lè sa.
Fanatik gwoup la kapab monte sou nenpòt ki platfòm pou yo viv oubyen reviv bèl moman sa ki pase 27 desanm 2025 lan nan lakou Ench, kote djaz la t ap fè konpa mache pou ba yo plezi.
Jou apre jou, gwoup mizik yo ap fè plis jefò pou rann bal yo disponib sou platfòm yo, yon fason pou piblik la pa pèdi anyen. Nan sans sa, Harmonik p ap dòmi deyò.
Jephte Estiverne
You must be logged in to post a comment Login