News
N ap Desann : Vayb mete yon nouvo albòm “Live” Deyò !
Tout platfòm « streaming » yo fè konesans, 6 fevriye 2026 la, ak yon nouvo pwodwi Vayb mete deyò : yon albòm « live » ki titre « N ap Desann Live ».
Gwoup ak atis yo kontinye ap mete pèfòmans « live » disponib sou platfòm yo, yon fason pou fè yo dire pi lontan, pou yo pa rete yon senp moman plezi ak bonè sèlman moun ki te prezan yo viv.
Gras ak inisyativ sa k ap grandi nan biznis mizik ayisyen an, fanatik nenpòt kote nan mond lan ka rete konekte ak gwoup yo renmen nan koute pèfòmans yo sou platfòm yo konbyen fwa yo vle.
Yon albòm kote Vayb reprann plizyè nan mizik makan li yo. Tout moun ka reviv mizik sa yo kounya ak yon touch diferan.
Jephte Estiverne
You must be logged in to post a comment Login