Connect with us

MUSIC

Milien Pierre Jean vini an Chedèv (chef d’oeuvre)

Published

on

Nan yon konferans pou laprès nan El Rancho nan lakou Pòtoprens Dimanch 9 novanm 2025 lan, Milien Pierre Jean ofri yon sesyon ekout prive premye albòm li ki pote tit « Chedèv / chef d’œuvre ». Apre plizyè siksè pèsonèl ak kolektif, ansyen chanpyon digicel stars la rive konkretize yon gran rèv. Depi 11 novanm lan, fanatik li yo ap jwi rezilta yon travay ekstrawòdinè. Endistri mizik ayisyèn lan jwenn dekwa pou li kontinye taye banda.

Yon atis sipèb, 4 envite mayifik, plizyè fanatik solid epi 11 mizik entrigan. N ap site tit mizik yo youn apre lòt : Fantas ki deja videyoklipe ; Profil bas ; Repare feat King Street ; Actrice ; Katon Wouj ; Si w kite m ; San ou ; Lanmou bèl feat Fatima ; San limit feat Curtis Kane ; Vagabon feat T-Djo Zenny ; Nivo lanmou.

Sijè atis la trete yo enteresan selon chak piblik li vize.

  • Nan « Fantas », ou jwenn yon anprent gede-mazo, yon modèl vayb nan estil « Pye sou kou / Charlin Bato», « Tonight / Harmonik », « Fè m voye / Joé Dwèt file », « dlo dous / Zafè m » ak anpil lòt nou pa rive site. Atis sa yo, jan mwen te di li nan atik sou Charlin Bato a, bay reprezantasyon chantè gede-mazo. Gede-Mazo pou mwen fè referans ak libete pou pale sou pwatik seksyèl sovaj yo san dlo nan bouch. Si nou sonje « She’s hot », pa ta dwe gen twòt deba sou kesyon an. Nan « Fantas » atis la di :

« P ap gen preliminè

Fot de tan, karès elimine

W ap jwenn mwen tou dezipe

Tour Eifel byen kanpe

Ou pa bezwen retire rad sou ou jis pase l yon bò »

« Plus c’est risqué, plus c’est excitant », nan ris yo, gen de pratik ki konn menm riske lavi patnè yo (tankou kle kou). Men, kite m di nou, mizik sa pa gen pawòl ki twò sovaj ladan li pou afime kote mazo a. Enplisitman, si pa gen preliminè, li pwobab pou gen doulè.

  • « Profil bas » trete yon tris reyalite. Yon moun ki tonbe damou san rabè yon moun ki gen mèt deja. Atis la di :

« Men poukisa bagay ki pa pou ou toujou fè w byen » ; « Ou pa ka soti avè l ale nan yon ti fèt avè l / w oblije fè pwofil ba pou dife pa pran nan larepiblik » ; « M anvi poste / Men m pa ka poste menaj moun yo ».

  • Milien chante gratitid li pou patnè ki nan vi li a nan twazyèm mòso a « Repare ». Sou mizik sa a, King Street fè yon antre triyonfal pou andose mesaj la. Yon kri remèsiman akyon demand estabilite. “Mwen ta renmen sa dire / Ti kè mwen satire / Li pa ka pran frap ankò » ; « Ou fè m bliye èks mwen / Ou efase tout sa li te fè m andire / m pa ta vle sa sispann ».
  • Nan « Actrice », Milien prezante youn nan fòm li plis pafè nan kreyasyon li, se nan djalòg. Chak fwa Pierre Jean ap chante tankou l ap djaloge, ou santi w ap viv konvèsasyon an tankou w te chita devan yon televizyon. Atis la ap pale ak yon zanmi li. L ap avèti li ke fanm li an s on aktris k ap simile byennèt. Mizik sa repwodui estil « She’s hot » la. Zanmi an rekonfime nou kijan li s on atis « Gede-mazo”. Ant libète pou delivre koze seksyèl la jan li ye a mete sou pratik sovaj la, sa fè sa. « Minimòm fò w ka fè li bay dlo / Pran l de fas aprè ba li l pa do / Fè l sipliye w mande w padon / Si w paf e l konsa zanmi l pa bon / Pa bere l / Pa pè puije l ». Pasaj sa a sifi pou leve yon deba sou fason fanm jwi. Eske tout fanm vle l brital ? Oswa eske atis la konnen fanm lan deja (si n refere nou ak kowegrafi She’s hot ansanm ak T-Djo a) ? Nan reyalite a, li t ap dwòl anpil pou s on senp zanmi k ap vin esplike w kijan pou w kouche pwòp fanm ou. Atis la lage yon lòt gwo bonm ankò nan fen mizik la : « Si w pa gen gwo mato, pa pran fanm antiyèz ».
  • « Katon Wouj » fè m panse ak mizik “san pitye” Vanessa Désiré a ki t ap di li p ap jwe ditou, paske l ap vanje. Nan mizik pa Milien an, nou wè l ap bay yon fanm Katon Wouj paske li sibi twòp. Fanm lan demantibile li twòp. “M oblije ba w katon wouj / Ou jwe jwèt la twò sal bebe / Ou make twò bosal bebe”.  Nan mizik sila, chanpyon Digicel stars la itilize chan leksikal jwèt foutbòl pou mande separasyon an. Se toujou menm pèspektiv djalòg la. Chwa say o moutre nou ouvèti atis yo pou tranche sijè plizyè moun trete deja ak nan demach ki pi rich oswa ki plis entrigan.
  • « Si w kite m », yon ènyèm pèspektiv djalòg. Milien konprann trè byen kijan pou li dirije yon sijè li vle moun apwopriye. Chak moun kapab pran mizik la pou fè l tounen afè pa li pou pale ak moun li. Nan mòso sa a, atis la jwenn pi bon fòmil lan pou li moute kijan lavi li kapab fini si fanm lan kite li. Tèks la dewoule nan yon ton plezan. Mwen renmen kote atis la anplwaye yon ton sinik pou l di : « Pito w blame m, men pa kite m ».
  • « San ou », se toujou menm sijè a k ap pwolonje. Imajine fanm lan ale. Atis la ap esplike sitiyasyon li. Lavi li pa fini, men jounen yo ap gaspiye san bebe a. “Yon jounen gaspiye ankò / En esperant ton retour ». Atis la gen asirans ke fanm lan p ap janm tounen e ke li p ap janm geri lè li di : « Gen lòt jounen k ap gaspiye ankò / Nan gad foto w ak mesaj ou ».
  • « Lanmou bèl » menm se yon deklarasyon powetik. Yon apwòch pi sansib epi pi rich ak emosyon dous. Yon bèl kolaborasyon ak Fatima ki fòme yon senbyoz pafè. Mizik sa ta dwe nan tout bouch nan lari a. Li pa manke okenn engredyan pou l konplè.

“Ou se inivè mwen

W ou ki met souri sou lèv mwen

M pa fè kochma lè w nan rèv mwen

Gad kijan w fè m ap briye”

  • “San limit” feat Curtis Kane s on konpozisyon pou eksplore eksperyans seksyèl. Santiman fò mete sou dezi chanèl ak lespri avanti se baz kreyasyon sila. « San limit, m anvi fè l avè w / M anvi n eseye tout sa nou konn ap gad nan fim » ; « Ou fè kè m bat 100 mil alè / Depi m wè w mwen santi chalè ».
  • « Vakabon » feat T-Jo Zenny ki te deja ap fè lari a. Yon listwa ki esplike rezilta perèz moun ki sibi kè brize deja. Nivo mons mefyans kreye pou destabilize rapò santimantal yo. Nan mizik sila a, mesye yo lage tout responsablite a sou do medam yo. Refren an chante sa klèman :”se nou ki fè m vakabon / Œil pour œil, dents pour dents ».
  • « Nivo Lanmou » yon deklarasyon lanmou ekstrawòdinè. Sa se mizik pou nou voye bay boubout nou pou tante ekspoze sou fòm vèb nivo lanmou anndan kè nou.

Chef d’œuvre se yon bèl travay. Nou pa gen okenn repwòch nou ka fè sou travay li a. Nou swete piblik la resevwa albòm sa a ak anpil atansyon epi konsome l san pran souf. Mizik ayisyèn lan anfòm. Atis yo fè prè de anpil kouraj. Nou menm, nou toujou rete kwè ke mizik se youn nan gwo eleman solid ki ka penmèt nou gate tèt nou ak lavni nou. Albòm lan disponib sou rezo streaming yo depi jou 11 novanm 2025 lan. Alòs, pote boure !

 

 

 

 

 

 

Continue Reading
Click to comment

You must be logged in to post a comment Login

Leave a Reply

Konpaevents 2025

FREE
VIEW