Connect with us

News

Lionel Beeper Deklare Richie pa t Vann Dwa Otè l sou mizik Zenglen yo

Published

on

Nan yon chita pale li fè ak Konpaevents, Lionel Beeper pote anpil detay sou kòmansman li ak Zenglen pandan l te pwodwi premye albòm yo.

Lionel fè konnen li te met yon kantite lajan deyò pou anrejistre nan estidyo ak lòt depans ki lye ak soti albòm sa. Lè CD yo te pare, li te gen mal pou l vann yo. Sa te pouse l tcheke plizyè moun, men se lè l te desann Ayiti li te jwenn solisyon.

Li site non Marc Duverger ak BS kòm moun ki te pote gwo sipò pou li lè l t apenn kòmanse. Aprè gwo siksè albòm sa, gwoup la te satisfè e yo te mande l pwodwi dezyèm nan. Chaje lòt gwoup ki te tcheke l tou.

Sou dezyèm albòm Zenglen an, Richie t estime l te travay twòp, se sa k fè l te mande plis konsiderasyon. Li te reklame yon machin pou l fè albòm sa. Lionel te regle sa pandan l te tou achte mastè albòm nan.

Sou kouraj Richie, Lionel Beeper fè konnen li te konn kite lakay li a 3è nan apremidi pou o rantre a 5è nan maten. Se Richie menm ki te sipèvize tout ti detay nan albòm yo. Li rekonèt Richie kòm yon « smart guy ».

Li di menm nan dòmi Richie pa janm sede dwa mizik yo bay Zenglen. Li pouswiv pou l di demach mae mayestwo Brutus fè pou l vire mizik yo sou non Zenglen pa legal, sa gen kèk tan l ap chèche fè yon chita pale avè l sou men sa pa janm fèt.

Nan dosye ki mete bab pou bab Richie ak Brutus la, Lionel Beeper chwazi kan l e li di klèman se ak Richie l ap mache paske l respekte travay li ak kouraj li.

Jephte Estiverne

Continue Reading
Click to comment

You must be logged in to post a comment Login

Leave a Reply

Konpaevents 2025

FREE
VIEW