Connect with us

News

KEMA 2025 : Yon Premye Edisyon Pou Rekonpanse Pi Pèfòman Yo Nan Mizik Ayisyen an

Published

on

Konpaevents Music Awards

KEMA 2025 : Yon Premye Edisyon Pou Rekonpanse Pi Pèfòman Yo Nan Mizik Ayisyen an

Konpaevents Music Awards ” KEMA ”  konnen premye edisyon li pou ane ki sot pase a. Yon ventèn kategori te kreye pou rekonpanse moun k ap pwopoze bon kichòy nan sektè mizik ayisyen an, sila yo ki te demake yo pandan ane a.

Pou yo te rive chwazi moun ki genyen yo, gen yon komite ki te konpoze de 30 jij. Yo te chita sou plizyè kritè pou vòt yo fèt : konpozisyon, ekselans, konsomasyon, kalite atistik epi enpak. Chak kritè yo sou yon pwen.

Sistèm vòt la te chita sou klasman, yon votan te gen pou l klase nomine yo nan chak kategori soti nan premye pou rive nan senkyèm. Chak plas vo yo konte pou yon pwen diferan.

Plizyè atis rive genyen plizyè kategori :

Jèn chantè Teddy Hashtag, ki te konnen yon ane rèv, ranpòte EP ane a, mizik kolaborasyon ane (Ki moun ou ye ak L-Won) a epi li se atis varyete ane a. Kote pa li, Fatima yon vwa ki ap pwopoze plis bagay jou apre jou rive ranpòte albòm varyete ane a (Pwoteje m), Mizik sosyal ane a (Self-love ak Phyllisia Ross) epi mizik varyete ane a (Hello).

Baky rive met bouch nan koze a li lè pran rekonpans videyo varyete ane a ak Invincible. Toujou nan varyete, se jèn pwodiktè Adams Beat ki pwodiktè ane a, alòske Joubite Dessalines (K-dilak) pran pri konpozitè/otè ane a.

Nan kategori rap, Wendyyy fè yon gwo balewouze. Li ranpòte pri videyo rap ane a (Picasso), konpozitè/otè rap ane a, albòm rap ane a (III) epi se li menm yo deziye kòm atis rap ane a. Toujou nan pati rap la, Toby pran mizik ane a (Le génie) epi El Socrato se pwodiktè ane a.

Anie Alerte fè yon bèl rekòt tou, li fini atis konpa ane a e li pran pèfòmans atis ane a. Se Bedjine ak K-dilak ki soti pi bon albòm konpa ane a (Misyon akonpli) epi videyo konpa ane a (Konsekans).

Maestro Richie rekonpanse pou bèl ane 2025 li an, nou ka menm di li fè yon gawonn sou rekonpans yo. Pri li pran yo se : konpozitè/otè konpa, pwodiktè konpa, san n pa bliye gwoup li, Klass pran mizik kwiv/van ane a, pèfòmans dyaz ane epi dyaz ane a.

Se konsè Carimi Reunion an ki ranpòte pri evènman ane a epi mizik Ankò, Dena Babe fè ak D-Perfect se mizik konpa ane a.

Yon premye edisyon kote Konpaevents rekonpanse tout moun li dwe nan respè, transparans ak ekite, pandan se travay jij yo ki deside. N ap raple chak atis ak gwoup ki rekonpanse resevwa twofe yo kòmsadwa. KEMA gentan mete vwal sou 2026 pou pi bèl edisyon.

Jephte Estiverne

Continue Reading
Click to comment

You must be logged in to post a comment Login

Leave a Reply

Konpaevents 2025

FREE
VIEW