Connect with us

KE Music Awards

KEMA – Kategori Pou Nominasyon 

Published

on

KE Music Awards Nominees

Men lis kategori  ki nan Konpaevents Music Awards ” KEMA

Mizik Konpa Ane A
Kategori sa rekonèt yon mizik epi ki se yon mizik Konpa. 

 

Mizik Varyete Ane A
Kategori sa rekonèt yon mizik epi ki se yon mizik Varyete men ki pa ni Konpa, ni Rap. 

 

Mizik Rap Ane A
Kategori sa rekonèt yon mizik epi ki se yon mizik Rap. 

 

Mizik Kwiv / Van Ane A
Kategori sa rekonèt mizik ki monte ak enstriman live nan estidyo. Kategori sa bay priyorite a mizik ki gen enstriman seksyon kwiv yo kòm Sax, Twonpèt, Twonbòn. 

 

Mizik Sosyal Ane A
Kategori sa rekonèt mizik ki pote yon mesaj sosyal. Kategori sa bay priyorite a mizik ki gen pawòl pou konsyantize sou yon reyalite sosyal. 

 

Mizik Kolaborasyon Ane A
Kategori sa rekonèt kolaborasyon ak minimòm 2 Atis sou yon mizik kap fè echanj pèfòmans vokal. Atis yo pa dwe nan menm gwoup mizikal. 

 

Albòm Konpa Ane a
Kategori sa rekonèt yon pwojè mizikal (Konpa) ki gen omwen 7 mizik epi ki dire minimòm 30 minit. Fòk omwen mwatye mizik ki sou pwojè a se Konpa.

 

Albòm Varyete Ane A
Kategori sa rekonèt yon pwojè mizikal (varyete) ki gen omwen 7 mizik epi ki dire minimòm 30 minit. Fòk omwen mwatye mizik ki sou pwojè a se Varyete.

 

Albòm Rap Ane A
Kategori sa rekonèt yon pwojè mizikal (Rap)  ki gen omwen 7 mizik epi ki dire minimòm 30 minit. Fòk omwen mwatye mizik ki sou pwojè a se Rap.

 

EP Ane A
Kategori sa rekonèt yon pwojè mizikal ki gen 3 a 6 mizik epi ki dire ant 15 a 30 minit.

 

Konpozitè / Otè Konpa Ane A
Kategori sa rekonèt yon Konpozitè / Otè Mizik Konpa. Kategori sa mande fòk konpozitè / otè a genyen minimòm 3 mizik Konpa ki soti nan peryòd ki etabli a.

 

Pwodiktè Konpa Ane A
Kategori sa rekonèt yon Pwodiktè ki pwodui mizik Konpa. Kategori sa mande fòk Pwodiktè genyen minimòm 3 mizik Konpa ki soti nan peryòd ki etabli a.

 

Konpozitè / Otè Varyete Ane A
Kategori sa rekonèt yon Konpozitè / Otè mizik Varyete . Kategori sa mande fòk Konpozitè / Otè a genyen minimòm 3 mizik varyete ki soti nan peryòd ki etabli a.

 

Pwodiktè Varyete Ane A
Kategori sa rekonèt yon Pwodiktè ki pwodui mizik Varyete. Kategori sa mande fòk Pwodiktè a genyen minimòm 3 mizik varyete ki soti nan peryòd ki etabli a.

 

Konpozitè / Otè Rap Ane a
Kategori sa rekonèt yon Konpozitè / Otè mizik Rap. Kategori sa mande fòk Konpozitè / Otè a genyen minimòm 3 mizik rap ki soti nan peryòd ki etabli a.

 

Pwodiktè Rap Ane A
Kategori sa rekonèt yon Pwodiktè ki pwodui mizik Rap. Kategori sa mande fòk Pwodiktè a genyen minimòm 3 mizik Rap ki soti nan peryòd ki etabli a.

 

Atis Konpa Ane A
Kategori sa rekonet yon Atis ki chante mizik Konpa. Kategori sa mande fòk Atis la genyen minimòn 3 mizik sou yon pwojè ki soti nan peryòd ki etabli a.

 

Atis Rap  Ane a
Kategori sa rekonèt pèfomans yon Atis ki Rap sou yon pwojè mizikal. Kategori sa mande fòk Atis la genyen minimòn 3 mizik  / yon EP oubyen yon albòm Rap ki soti nan peryòd ki etabli a.

 

Atis Varyete Ane A
Kategori sa rekonèt pèfomans yon Atis Varyete sou yon pwojè mizikal. Kategori sa mande fòk Atis la genyen minimòn 3 mizik  / Yon EP oubyen yon albòm Varyete ki soti nan peryòd ki etabli a.

 

Dyaz Ane A
Kategori sa rekonèt pèfomans yon dyaz sou yon pwojè mizikal. Kategori sa mande fòk dyaz la genyen minimòn  3 mizik / yon EP oubyen yon albòm ki soti nan peryòd ki etabli a . 

 

Videyo Konpa Ane A
Kategori sa rekonèt reyalizasyon nan yon videyo mizik konpa. Kategori sa priyorize travay atistik direktè videyo a nan yon mizik Konpa.  

 

Videyo Varyete Ane A
Kategori sa rekonèt reyalizasyon nan yon videyo mizik varyete. Kategori sa priyorize travay atistik direktè videyo a nan yon mizik Varyete.

 

Videyo Rap Ane A
Kategori sa rekonèt reyalizasyon nan yon videyo mizik rap. Kategori sa priyorize travay atistik direktè videyo a nan yon mizik Rap.

 

Evènman Ane A
Kategori sa rekonèt travay  Atis / Dyaz / Pwomotè / òganizatè evènman. Kategori sa priyorize evènman ki òganize nan lokal ki ka pran plis pase 2,500 moun epi ki bay bon rezilta satisfezan pou pwomotè  ak yon eksperyans memorab pou moun ki te ale nan evènman sa. 

 

 Pèfòmans Ane A / Atis
Kategori sa rekonèt pèfòmans yon Atis pandan tout ane a (avèk yon minimòm 12 pèfòmans)  nan bal /festival/ ak evènman espesyal.

Kategori sa pran an konsiderasyon kantite patisipan pandan tout peryòd ki etabli a. Atis la dwe gen omwen yon  evènman kòm Atis prensipal.

Atis la dwe gen kèk pèfòmans referans ak rezilta satisfezan pou pwomotè yo nan nenpòt lokal ki kenbe plis pase 1,000 moun.

Evènman ki fèt gratis pa kalifye.

 

 Pèfòmans Ane A / Dyaz 
Kategori sa rekonèt pèfòmans yon Dyaz pandan tout ane a (avèk yon minimòm 12 pèfòmans) nan bal / festival ak evènman espesyal.

Kategori sa pran an konsiderasyon kantite patisipan pandan tout peryòd ki etabli a. Dyaz  la dwe gen omwen yon evènman kòm dyaz prensipal.

Dyaz la dwe gen kèk pèfòmans referans ak rezilta satisfezan pou pwomotè yo nan nenpòt lokal ki kenbe plis pase 1,000 moun.

Evènman ki fèt gratis pa kalifye. 

NB

Nominasyon yo baze sou done  ( KE Top 10 – YouTube – Spotify – Apple Music ), epi yo reflete pèfòmans ak enfliyans reyèl.

Continue Reading
Click to comment

You must be logged in to post a comment Login

Leave a Reply

Konpaevents 2025

FREE
VIEW