MUSIC
Kaï (Richard Cavé) sòti yon nouvo albòm, li still OK !
Mwa novanm lan, nou ka di se yon bèl mwa pou Endistri Mizik Ayisyèn lan. Albòm sou albòm ! Atis solo tankou djaz ap pibliye travay yo. Kaï bò kote pa li, aprè 4 lane, jedi 27 novanm lan soti dènye albòm li anba tit “i’m ok”. Plakèt la gen 11 mizik sou li plis yon entwo, nou ka site : I’m ok ; F..ked up ; Anyen feat TKlod ; Pa gaspiye m ; Se ou l ye feat Teddy Hashtag ; Toxic ; Bloke ; Premye a ; Never love again ; Boule sa feat Steve J Bryan ; F..ked up clean.
Nan mizik sa yo, Richard Cavé ak ekip li penmèt nou konsome li sou yon lòt fòma. Si avan nou te g on atis ki te pote yon vizaj plizoumwen inosan. Ni lè l ap chante lanmou sou fòm jwisans ak ni lè l ap plenyen. Jodi a, nou kwaze atis la nan yon vèsyon badbòy, si nou swiv tandans ki domine pi fò konpozisyon yo. Soti nan rit yo, pase nan sonorite fraz yo pou tonbe nan debi sonò atis la, ou santi g on chanjman nan atis ki te pwopoze w « Kriminèl » ak « Jije m » lan.
Albòm sila gen 6 envite sou li : Kenny Haïti, Oswald, TKlod, Tedy Ashtag, Fatima epi Steve J Bryan. Chak mizik yo pote yon anprent patikilye swa nan sijè k ap trete a oswa nan fason melodi yo moute a. Gen anpil jefò ki fèt pou penmèt nou tande de bagay nouvo menm si w gen lenpresyon w abitye tande solo yo deja (se kouran moman an) men sa k ap di yo ak jan y ap di yo a garanti tout fòs kreyativite a.
Nan albòm lan, mizik yo pale de sijè n ap viv chak jou yo men nan yon fason plezan epi amizan. Ann kouri je sou mizik yo ansanm.
Nan « I’m ok », yon kolaborasyon ak Kenny Haïti, djaz la ofri yon mizik pou tire pwen, pou jazi sou èks yo epi pou pran plezi tou. Nan entwodiksyon mizik la, Kenny di : « Ou te panse m pwal mal pase si mwen pa ret kote w / Dat mwen bliye w sa fè kèk tan kè mwen gentan revoke w ».
« F..Kedup » feat Oswald trete yon sijè enteresan. Mizik sila ki soti ak tout videyo li eksprime yon konpòtman yon fanm divin. Yon fanm ak yon gran kè ki paysan epi konpreyansif menm lè sa pa mande. Mizik lan bon nan tout kò li. Chwa videyo a pa inosan ditou. Gen tout rezon pou sa.
« Anyen» s on mòso ki genyen TKlod sou li. Mizik sila rezime lista nèg k ap sakrifye tout lavi pou satisfè yon moun ki pa renmen yo. Bèl melodi, bèl baz ritmik. Mèsi ak basis la ki ede mizik la pwodui tonalite fò sa a. Lè yon mizik sansib konsa, mwen ta renmen pawòl li pote yo plis ale nan sans “Bird of paradise” zenglen oswa “Mèsi” Harmonik. G on nivo sansiblite nou depanse pou yon listwa negatif, mwen trouve s on gaspiyaj emosyon. Mizik sa egzateman posede tout eleman nitritif pou touche pwofon mounite nou.
Ann gade “Pa gaspiye m ». Yon bout konpa hot ki pote yon mesaj egzat pou fanm k p fè sipèsta nan relasyon santimantal. Trè plezan, byen amizan pou likide yon mesaj enpòtan nan yon anbyans festif. “Pa gaspiye m / Gen moun ki vle m / w ap neglije m” ; “Si w pa vle manje a pa gaspiye l, gen lòt moun li ka gwosi”.
« Se ou l ye » feat Teddy Ashtg se yon chan rekonesans ak padon. Nan mizik sila mesye yo ajoute dòz pou entèrese piblik la : « Se ou l ye / Se ou ki fanm kay mwen / Ou k fanm deyò m, madanm, menaj mwen”. S on sipèb konpozisyon ak yon vayb ekstrawòdinè. “Ou so bad / m p ap janm ka bliye jan ou so bad / Ou fè dega sou mwen tankou tonad / De jenou m atè m ap priye God / m vle w back”. Mwen deklare gen bagay!
« Toxic» feat Fatima Altieri. Nan kòmansman mizik la atant mwen kase epi rive nan refren an, vayb la pranm nan gòjèt. “Mwen pa bezwen ankò nan vi mwen / Paske ou Toksi / E mwen jwenn fòs pou mwen bliye ou”. Si kouplè yo mete nou tann ebyen bridge yo, refren an ak vayb lan bay mizik la tout merit pou l pwomennen nan bouch fanatik mizik. “Mwen fèmen pòt la, mwen jete kle a, ou mèt ajenou sipliye, m p ap regrèt ou” ; “Ou voye m anlè w pa atrap mwen / Kite m anlè”.
« Bloke » feat TKlod fè m panse ak kèk sijè Wendyyy konn trete ki sitye yo nan yon kategori filozofi laksis. Se de touman pèsonèl ki konn trè tabou epi nou depose yo sou gan ekran pou tout moun viv yo e menm bay avi yo. Tout laksis la chita lè atis la di pawòl sa yo : « Pito w bloke m / M pa bezwen konnen si w ap byen mennen » ; « Ou te gen moun sou mwen / Mwen te gen moun sou ou / mache fè moun pou mwen pandan nou se menm bagay tande ». Bèl bout konpa, bon kout keyboard, bèl bridge ak bèl aranjman.
« Premye a » pou nou s on bèl kreyasyon. Pa gen mwayen ki pi amizan pou w tchuip ak moun ou. Jan nou te di li anlè a, Richard pa yon chantè gede-mazo. Mizik sila te ka ranpli ak gwo pawòl men atis la refijye li nan rejis kouran pou li di lesansyèl yo. « Se mwen k premye a / Sa w p ap janm bliye a / Sa w ap toujou sonje a » ; « Pa gen afè pou m mande w si w vini deja / Se mwen k chofè m ap mennen w pa gen wout pa bwa ». Chantè a moutre enplisitman nan pawòl yo ke li s on mazo lè li fè referans ak Leo Messi (wòch) epi Sen Michèl Akanj. Moute sèks kòm konba nan yon ekspresyon literè se deja afime yon mòd pratik seksyèl syantifikman rekoni. Richard Cavé ak anpil retni, itilize tèm ki mwens chokan.
« Never love again» se yon fòm konsekrasyon santimantal pou reprezante yon lanmou inik. “Mwen pap janm renmen ankò si w pa moun mwen renmen an, si w pa moun m ap chante”. G on ti son saksofòn nan mizik sa a ki ba nou yon ti tiz, epi l pa rete twòp jan nou anvi li a sou konpa a.
« Boule sa » s on mizik party. Yon bèl anbyans ak yon antre majik Steve J Bryan. “sa m ap fè a lòt yo fè l men se mwen k fè l mye a / Toutotan m ap viv, mwen san limit, anba syèl ble a / Si w renmen sa w ap gade a konnen w gen bè l je a / Tout dach yo aliye yo ala keuleuleu”. Gen plezi, gen vayb petèt manke peyi ak lajan tout bon pou fanatik Ayiti yo pran plezi yo tout bon. Mizik sa envite ak jwisans pou pwofite viv lavi a chak segonn.
Menm si Richard Cavé fè nou chich anpil sou albòm sila ak kapasite powetik li yo. Sa pa anpeche nou viv chak mizik yo nan dimansyon espeyal li. Alafen nou satisfè pou yon grenn bagay e sa fè sans, lavi penmèt nou kontinye konsome moun sa yo ki te bèse zanfans nou ak anpil pwezi. Richard Cavé li menm pwononse sa nan entwo albòm lan, « mwen still la, m ap kreye, m ap goumen, sa ki enpòtan, malgre tout bagay, mwen anfòm ».
You must be logged in to post a comment Login